Jistifikasyon Politik la
Nou konprann moun gen sansibilite ki diferan konsènan kontni ki grafik ak vyolan. Pou pwoteje itilizatè yo kont tip kontni sa yo, nou siprime kontni ki pi grafik yo epi nou ajoute etikèt avètisman sou lòt kalite kontni pou moun yo konnen li ka sansib anvan yo klike sou li. Nou limite kapasite pi jèn itilizatè yo genyen pou wè kontni ki gen dwa pa koresponn oswa apwopriye ak laj yo. Lè sa a fèt, nou pran angajman pou bay yon eksperyans itilizatè ki apwopriye pandan n ap kontinye bay itilizatè nou yo espas pou eksprime yo.
Nou rekonèt itilizatè yo ka pataje kontni pou atire atansyon oswa kondane zak tankou abi dwa moun oswa konfli ki enplike zam. Politik nou yo konsidere kontni ki pataje nan kontèks sa a epi yo kreye espas pou diskisyon ak sansibilizasyon nan yon fason ki apwopriye.
Nan piblisite ki peye yo, nou founi plis pwoteksyon. Pa egzanp, kontni yo jije ki sansib yo pa kalifye pou difize nan piblisite yo. Nou entèdi tou piblisite ki gen ladan yo imaj ak videyo ki chokan, deranjan oswa ki vize kreye sansasyon. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou Règleman Piblisite nou yo.
Pa pibliye:
Imaj moun
Videyo moun, oswa kò moun ki mouri nan yon kontèks ki pa medikal si li reprezante:
Rache manm moun.
Imaj ki reprezante zantray vizib, tankou ògà n ki ekspoze, zo, oswa tisi nan misk sou moun ki vivan oswa moun ki mouri;
Moun ki boule oswa griye; oswa
Gòj ki koupe.
Difizyon pèn kapital an dirèk.
Remak Sadik
Remak sadik yo se kòmantè tankou lejann oswa kòmantè ki ap eksprime lajwa oswa plezi pou soufrans oswa imilyasyon yon moun oswa yon bèt ap andire.
Nou retire
Remak sadik ki fèt atravè imaj (alafwa videyo ak imaj fiks) ki resevwa yon ekran avètisman selon politik sa a, ki avèti moun yo kontni an kapab sansib; sof si imaj la prezante yon aksyon oto-defans (pa egzanp, videyo yon moun k ap defann tèt li kont yon vòl kote moun nan gen zam) oswa nan yon kontèks medikal (pa egzanp, imaj yon pwofesyonèl medikal k ap fè operasyon).
Remak sadik ki eksplisit sou soufrans ki fèt sou bèt yo montre nan yon imaj, epi imaj la montre bèt la t ap viv epi li mouri.
Ofri oswa mande imaj ki efase oswa ki gen yon ekran avètisman nan kad politik sa a, lè li fèt avèk remak ki sadik.
Pou kontni ki pi ba a, nou mete yon ekran avètisman pou moun kapab konnen kontni an kapab deranje yo: Epitou, nou limite aksè a pou se adilt ki gen 18 lane pou pi piti yo ki kapab wè kontni an:
Imaj moun
Videyo moun, oswa kò moun ki mouri nan yon kontèks ki pa medikal si li reprezante:
Rache manm moun.
Imaj ki reprezante zantray vizib, tankou ògà n ki ekspoze, zo, oswa tisi nan misk sou moun ki vivan oswa moun ki mouri;
Moun ki boule oswa griye, menm nan kontèks kremasyon; oswa
Gòj ki koupe.
Imaj fiks moun, kò moun vivan oswa ki mouri si li reprezante:
Rache manm moun.
Imaj ki reprezante zantray vizib, tankou ògà n ki ekspoze, zo, oswa tisi nan misk sou moun ki vivan oswa moun ki mouri;
Moun ki boule oswa griye; oswa
Gòj ki koupe.
Imaj (alafwa videyo ak imaj fiks) ki montre kijan yon moun mouri yon fason ki vyolan (tankou moman l ap mouri a oswa konsekans lan) oswa yon moun lanmò ap menase (tankou machin frape l, sot tonbe byen wo, oswa ki sibi lòt blesi fizik ki kapab lakoz lanmò).
Imaj ki montre pèn kapital yon moun (eksepte difizyon an dirèk).
Imaj ki montre aksyon brital (tankou aksyon vyolans oswa menas lanmò letal sou moun yo kenbe kont volonte yo) kont yon moun oswa yon gwoup moun.
Imaj ki montre objè etranje ki pa medikal (pa egzanp, kouto, klou, oswa lòt objè an metal) ki ap pèse po a;
Imaj ki montre yon moun ki gen dan l kase, dan l k ap senyen, oswa yo retire dan li epi gen san k ap koule; oswa yo foure yon objè etranje nan dan oswa nan jansiv yo.
Imaj ki montre ti bebe ki pako devlope ak ti bebe ki pa nan vant ki mouri, amwenske gen yon lòt moun ki prezan nan foto a.
Imaj bèt
Nenpòt bèt ki toujou ap viv, oswa ki ap viv oswa ki mouri, epi ki gen manm li ki rache, zantray li deyò, li boule oswa griye oswa yo bouyi l tou vivan.
Imaj bèt ki te vivan epi k ap mouri;
Imaj moun k ap fè zak britalite sou bèt ki vivan (bay kou, toufe anba dlo, osw ak ap retire plim sou bèt la).
Pou kontni ki pi ba a, nou limite aksè pou se itilzatè ki gen 18 lane pou pi piti yo ki wè li:
Imaj moun
Imaj ki montre moun ki mouri ki dekouvri pasyèlman oswa konplètman, menm si pa gen okenn endikatè vizib ki montre yon lanmò vyolan.
Imaj ki montre ti bebe ki pako devlope ak ti bebe ki pa nan vant ki mouri, sof si gen yon lòt moun ki prezan nan foto a.
Imaj ki montre zegwi k ap pèse po yon moun ki pa nan yon kontèks vaksinasyon, akiponkti oswa piki a sèk, tatou oswa pèse.
Imaj ki reprezante moun ki blese nan kontèks medikal lè yo parèt ap soufri oswa an detrès, gen kote nan kò yo ki frape, oswa yo gen tib medikal nan figi ak/oswa men yo.
Imaj ki montre dechè imen ak likid kòporèl (pa egzanp, poupou, pipi, vomisman, lasi nan zòrèy, larim, pwodui ki sot nan po oswa san).
Imaj ki montre machin k ap boule oswa ki eksploze, oswa ki dekri moman oswa konsekans enpak machin k ap kouri ak twòp vitès ak lòt objè kote veyikil la kite wout li epi/oswa kabin chofè a oswa pasaje machin yo andomaje anpil.
Imaj bèt
Imaj ki reprezante bèt, ki vivan oswa ki mouri, kote gen san moun ka wè.
Imaj ki montre bèt nan yon kontèks akouchman (pa egzanp, gen san oswa zantray vizib la prezan).
Imaj ki montre bèt, vivan oswa mouri, ki gen ensèk k ap soti anndan yo (pa egzanp, mouch oswa vè).
Imaj ki reprezante bèt blese ki ap soufri.
Imaj Fiktif
Imaj ki montre moun fiktif (ki pa reyèl), men ki fotoreyalis nan kontèks sa yo:
Zak kote y ap rache manm moun;
Zantray ki vizib, tankou ògà n ki ekspoze, zo, oswa tisi misk yo;
Moun ki boule oswa griye;
Zak kote y ap koupe gòj moun; oswa
Lanmò vyolan oswa evènman ki mete lavi moun an danje.
Imaj ki montre moun ki pa reyèl men ki fotoreyalis (kote imaj la sanble oswa sanble anpil ak yon foto oswa videyo yon moun reyèl) nan kontèks sa yo:
Objè etranje ki pa medikal (pa egzanp, kouto, klou, oswa lòt objè an metal) k ap pèse po moun;
Dechè imen oswa likid kòporèl (pa egzanp, poupou, pipi, vomisman, lasi, larim, oswa pwodui ki soti nan po yo), eksepte san;
Tibebe oswa fetis ki mouri ki deyò matris la;
Imaj ki montre bèt fiktif (ki pa reyèl), men ki fotoreyalis nan kontèks sa yo:
Zak kote y ap rache manm moun;
Zantray ki vizib, tankou ògà n ki ekspoze, zo, oswa tisi misk yo;
Bèt ki boule oswa griye;
Bèt y ap bouyi tou vivan;
Gen san ki parèt;
Bèt ki te vivan epi k ap mouri;
Moun k ap fè zak brital (egzanp, frape, toufe anba dlo, oswa retire plim) sou bèt ki vivan.
Bèt ki blese k ap soufri.
Bèt ki gen ensèk k ap soti anndan yo (egzanp, vè oswa mouch).
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou bezwen enfòmasyon ak/oswa kontèks anplis pou aplike yo:
Nou pa otorize:
Imaj oswa odyo lanmò vyolan yon moun, lè dosye lapolis konfime lanmò moun nan, ak desè, rapò Patnè Fyab oswa rapò medya epi yon manm fanmi moun ki mouri a fè demann pou nou retire l.
Videyo yon moun ki boule oswa ki griye nan yon kontèks kote l mete dife sou tèt li antanke yon aksyon pwotestasyon.
Nou kapab aksepte:
Imaj lanmò vyolan yon moun oswa evènman ki menase lavi moun lè reprezantasyon an fèt aksidantèlman