Demann Itilizatè yo

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Meta reponn ak demann pou retire yon kont selon lwa aplikab ak kondisyon sèvis nou yo. Nou verifye chak demann nou resevwa ak prekosyon epi nou ka rejte oswa mande klarifikasyon anplis pou kèk demann.
Nou respekte demann pou retire:
  • Kont yo depi se mèt kont la ki fè demann lan
  • Kont ki pou yon moun ki gen yon andikap, depi se yon reprezantan otorize a ki fè demann lan avèk Prèv Legal epi ak dokiman medikal ki konfime andikap la
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd sou sa ki gen pou wè ak eksperyans itilizatè yo
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an