Machandiz ak Sèvis ki gen Restriksyon
Detay sou politik la
JOUNAL MODIFIKASYON
Jodi a
22 jiyè 2025
14 me 2025
27 fevriye 2025
26 fevriye 2025
26 jen 2024
30 novanm 2023
27 jiyè 2023
27 avril 2023
22 desanm 2022
27 oktòb 2022
23 desanm 2021
24 novanm 2021
30 septanm 2021
26 out 2021
29 jiyè 2021
28 janvye 2021
24 septanm 2020
30 jiyè 2020
22 jen 2020
30 avril 2020
30 novanm 2019
10 oktòb 2019
24 septanm 2019
3 septanm 2019
30 jiyè 2019
24 jiyè 2019
1 jiyè 2019
26 avril 2019
20 mas 2019
30 novanm 2018
31 out 2018
Jistifikasyon Politik la
Pou ankouraje sekirite epi anpeche pratik aktivite ki reprezante danje yo, nou entèdi tantativ moun, fabrikan, ak detayan yo ap fè pou achte, vann, fè tiraj pou, fè kado, transfere oswa fè echanj sèten machandiz ak sèvis sou platfòm nou an. Nou pa aksepte echanj oswa lavant okenn dwòg ki kapab lakòz moun vin plede konsome sibstans toksik ki se yon bagay ki pa bon ditou selon règleman nou ki pi ba yo. Biznis tradisyonèl yo ak detayan anliy yo ka fè pwomosyon zam a fe, alkòl, ak atik ki fèt ak tabak ki disponib pou vann gras ak sèvis nou yo; sepandan, nou mete restriksyon sou kontni sa a pou minè yo. Nou otorize diskisyon konsènan vant machandiz sa yo nan magazen oswa atravè detayan anliy yo, pwomosyon pou modifikasyon règleman machandiz ak sèvis politik sa a kouvri, ak pwomosyon oswa diskisyon sou itilizasyon medikaman famasetik nan yon kontèks trètman medikal, tankou diskisyon sou efè segondè fizik oswa mantal.
Byen ak Sèvis ki gen restriksyon sou yo fè pati kategori sa yo:
- Medikaman ak Pwodui Famasi
- Zam, Minisyon oswa Eksplozif
- Tabak ak Pwodui ki Lye ak Tabak yo
- Alkòl
- Sante ak Byennèt
- Jwèt Lajan ak Jwèt Aza Anliy
- Espès ki an danje epi ki pwoteje (bèt ak plant sovaj yo)
- Objè ansyen istorik
- Byen ak Materyèl ki Danjere
- Pati nan Kò a ak Likid
Yo detaye chak kategori yo anba a.
Medikaman ak Pwodui Famasi
Nou pa otorize:
Dwòg ki gen gwo danje (dwòg ki gen posiblite pou yo mal itilize l, pa ka viv san li oswa ki gen gwo danje pou sante ladan, tankou twòp konsomasyon; egzanp., kokayin, fenntanil, ewoyin).
Kontni ki:
- Fè tantativ achte, vann, fè echanj, kowòdone echanj, fè don, fè kado oswa fè demann medikaman ki gen gwo danje.
- Li admèt li te achte, fè echanj oswa kowòdone echanj medikaman ki gen gwo danje pandan li afiche kontni an poukont li oswa gras ak lòt moun.
- Admèt li te fè itilizasyon pèsonèl san rekonèt oswa fè referans ak gerizon, tretman, oswa ak tout lòt asistans pou lite kont konsomasyon. Kontni sa a kapab pa pale nan yon fason pozitif sou, ankouraje itilizasyon, kowòdone oswa bay enstriksyon sou fason pou fè oswa itilize medikaman ki gen gwo danje.
- Kowòdone oswa fè pwomosyon (dapre nou, sa vle di moun k ap pale nan yon fason pozitif sou yon bagay, ankouraje moun itilize li) medikaman ki gen gwo danje.
- Nòt: Yo otorize debat oswa defans pou egalite oswa pale sou reyisit syantifik oswa medikal pou medikaman ki gen gwo risk yo. Sa konsène nouvèl ak anons sèvis piblik yo.
Dwòg ki pa medikal (dwòg oswa sibstans yo pa itilize pou objektif medikal oswa yo itilize pou moun pran yon sèten nivo plezi - san wete prekisè chimik yo oswa sibstans yo itilize pou pwodiksyon dwòg sa yo.)
Kontni ki:
- Fè tantativ achte, vann, fè echanj, kowòdone echanj, fè don, fè kado oswa fè demann medikaman ki pa medikal.
- Admèt li te achte, fè echanj oswa kowòdone echanj medikaman ki pa medikal pandan li afiche kontni an poukont li oswa gras ak lòt moun.
- Admèt li te fè itilizasyon pèsonèl san rekonèt oswa fè referans ak gerizon, tretman, oswa ak tout lòt asistans pou lite kont konsomasyon. Kontni sa a kapab pa pale nan yon fason pozitif sou, ankouraje itilizasyon, kowòdone oswa bay enstriksyon sou fason pou fè oswa itilize medikaman ki pa medikal.
- Kowòdone oswa fè pwomosyon (dapre nou, sa vle di moun k ap pale nan yon fason pozitif sou yon bagay, ankouraje moun itilize li) medikaman ki pa medikal.
- Tantativ pou vann oswa fè pwomosyon pou akseswa medikaman ki pa medikal.
- Li gen machandiz ki reprezante medikaman ki pa medikal.
Medikaman sou preskripsyon (Medikaman ki mande pou gen yon preskripsyon oswa se pwofesyonèl nan domèn sante ki dwe administre li)
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann fè echanj medikaman sou preskripsyon sof lè yo:
- Afiche pri vaksen yo nan yon kontèks diskisyon oswa edikatif lè li entèdi pou granmoun ki gen 18 lane oswa pi plis.
- Ofri sèvis livrezon lè antrepriz komès anliy lejitim nan zafè sante ki pibliye li lè li limite pou granmoun ki gen 18 lane oswa pi plis. Kontni sa a dwe gen ladan tou, yon deklarasyon non responsabilite pou konsilte yon pwofesyonèl nan zafè sante ki gen lisans oswa yon preskripsyon ki valid.
- Fè tantativ fè don oswa fè kado medikaman sou preskripsyon, eksepte nan ka ta gen yon kriz ekonomik, sante, sosyete oswa dezas natirèl.
- Fè demann medikaman sou preskripsyon, sof lè kontni an pale sou fason tout moun kapab jwenn pwodui a, gen aksè ak li oswa efikasite medikaman sou preskripsyon an nan yon kontèks medikal.
- Nòt: Yo otorize debat oswa defans pou egalite oswa pale sou reyisit syantifik oswa medikal pou preskripsyon medikaman ki otorize. Sa konsène nouvèl ak anons sèvis piblik yo.
Anteyojèn
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don oswa fè kado oswa fè demann anteyojèn.
- Sonje: Yo otorize debat oswa defans pou egalite oswa pale sou reyisit syantifik oswa medikal pou anteyojèn yo.
Kanabis ak Pwodui ki Soti nan Kanabis yo
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don oswa fè kado oswa mande marigwana ak pwodui ki gen THC oswa konpozan siko-aktiv ki lye.
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane e plis ki kapab wè li:
Anteyojèn
- Kontni ki montre admisyon pou itilizasyon pèsonèl, kowòdone oswa fè pwomosyon (nou vle di, lè yon moun ap fè diskou pozitif) oswa ankouraje moun pou yo itilize anteyojèn.
- Sof lè nenpòt nan sa ki pi wo yo ta rive nan yon kontèks fiktif oswa dokimantè.
Kanabis ak Pwodui ki Soti nan Kanabis yo
- Kontni ki kowòdone oswa pwomote (dapre nou sa vle di moun k ap pale nan yon fason pozitif, ankouraje itilizasyon, oswa bay enstriksyon pou itilize oswa fè) marigwana ak pwodui ki gen THC oswa konpozan siko-aktif ki lye ak pwodui sa yo.
- Kontni ki gen rapò ak biznis dispansè marigwana yo pibliye kote pa gen okenn tantativ pou achte, van oswa fè echanj marigwana ak pwodui ki gen THC oswa konpozan siko-aktif ki lye avè l yo.
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado oswa fè demann kanabidyòl (CBD) komestib oswa pwodui kanabinoyid ki menm jan an.
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado oswa fè demann kanabidyòl (CBD) ki pa komestib oswa pwodui kanabinoyid ki menm jan yo.
- Kontni ki fè bilan maladi ki gen rapò ak kanabidyòl (CBD) oswa pwodui kanabinoyid ki gen rapò yo.
- Kontni ki reprezante akseswa marigwana.
Preskripsyon medikaman
- Kontni ki eseye achte, vann oswa fè echanj medikaman nan nenpòt kontèks la tankou lè se antrepriz komès anliy lejitim nan zafè sante ki pibliye li.
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don oswa fè kado oswa fè demann medikaman san preskripsyon.
- Kontni ki gen admisyon oswa konsomasyon medikaman sou preskripsyon.
Zam, Minisyon oswa Eksplozif
Nou pa otorize:
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, zam a fe, pyès zam a fe, minisyon, eksplozif, oswa pyès amelyorasyon pou zam ki kapab touye moun, sof lè:
- se piblikasyon yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal legal yo, tankou biznis vant an detay, sit entènèt, mak oswa ajans gouvènman (tankou depatman lapolis, depatman ponpye) oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal yo; epi vizibilite l gen restriksyon pou granmoun ki gen 21 lane pou pi piti yo.
- Fè tantativ pou fè don oswa fè kado zam a fe, pyès zam, bal, eksplozif, oswa pyès amelyorasyon zam ki kapab touye moun sof si se nan kontèks sa yo piblikasyon an fèt:
- Don, echanj oswa acha zam a fe ak bal yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram k ap reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal, tankou biznis vant an detay, sit entènèt, ajans mak oswa gouvènman, oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal; epi vizibilite l gen restriksyon pou granmoun ki gen 21 lane pou pi piti yo.
- Yon vant ozanchè oswa yon tiraj pou zam a fe antite komèsyal legal ap fè, tankou biznis vant an detay, òganizasyon ki asosye ak gouvènman an oswa òganizasyon san pwofi, oswa eleman prive ki asosye ak oswa ki ap benefisye esponnsò antite komèsyal legal sa yo; epi vizibilite l gen restriksyon pou granmoun ki gen 21 lane pou pi piti yo.
- Fè demann zam a fe, pyès zam, bal, eksplozif, oswa pyès amelyorasyon zam ki kapab touye moun.
- Tantativ pou achte, vann, fè kado, fè echanj, transfere, kowòdone, fè pwomosyon (dapre nou, sa vle di ki pale nan yon fason pozitif sou yon bagay, ankouraje moun itilize li) oswa ofri aksè pou moun jwenn enstriksyon pou enpresyon 3D ak fabrikasyon ak asistans òdinatè pou kreyasyon zam a fe oswa pyès zam kèlkeswa kontèks la oswa moun ki pibliye a.
- Tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado, mande oswa admèt moun oswa antite a posede dispozitif konvèsyon pou zam otomatik.
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 21 lane e plis ki kapab wè li:
Zam, Minisyon oswa Eksplozif
- Kontni ki se piblikasyon oswa ki fè pwomosyon magazen tradisyonèl legal, antite ansanm ak biznis detayan, sit entènèt biznis, mak, oswa ajans gouvènman k ap fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado oswa mande (nan kontèks yon vant ozanchè oswa yon tiraj) zam a fe, pyès zam, bal, eksplozif, oswa pyès amelyorasyon pou zam ki kapab touye moun.
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane pou pi piti ki kapab wè li:
Objè ki gen lam file ak lòt zam:
- Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, kowòdone, fè don, fè kado oswa fè demann pou: atik ki gen lam oswa nenpòt lòt zam (espre ki gen pwav oswa bag ki ka blese moun).
- Kontni ki pale yon fason pozitif sou, ki bay enstriksyon pou itilize oswa nkouraje itilizasyon zam a fe, pyès pou zam a fe, minisyon, eksplozif, modifikasyonnan zam ki ka lakòz lanmò, oswa atik ki gen lam file nan opsyon pou evalyasyon pwodui yo.
- Ã’f lavant ak pwomosyon akseswa ki pa danjere nan nivo pou touye moun.
Tabak ak Pwodui ki Lye ak Tabak yo
Nou pa otorize:
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann oswa fè echanj pwodui ki gen rapò ak tabak/nikotin, oswa pwodui ki bay lafimen, ki gen ladan tout kalite "ENDS" yo Pwodui ki gen Sistèm Difizyon Elektwonik Nikotin (tankou sigarèt elektwonik, vapotez, ak vapotez ki pa gen nikotin).
- Sof lè se piblikasyon yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal yo, tankou biznis vant an detay, sit entènèt, mak, oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal yo, san wete ofri sèvis livrezon ak mak kado.
- Eseye fè kado yon pwodui ki gen tabak/nikotin antanke yon don oswa pwodui "ENDS" yo.
- Sof lè se piblikasyon yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal yo, tankou biznis vant an detay, sit entènèt, mak, oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal yo, san wete ofri sèvis livrezon ak mak kado.
- Fè demann pou pwodui tabak/nikotin, oswa pwodui ki bay lafimen, ki gen ladan tout kalite pwodui "ENDS" yo (vapotez ki pa gen nikotin).
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane pou pi piti ki kapab wè li:
- Kontni ki se piblikasyon oswa ki fè pwomosyon antite komèsyal tradisyonèl legal, tankou biznis, sit entènèt oswa mak biznis ki fè vant an detay, ki ap fè tantativ vann, achte, fè echanj, fè don oswa fè kado pwodui ki fèt ak alkòl oswa tabak.
- Kontni ki montre konsomasyon tabak, pwodui nikotin, oswa pwodui "ENDS" yo.
- Kontni ki kowòdone oswa pwomote itilizasyon tabak, pwodui nikotin, pwodui "ENDS" oswa mak tabak yo.
- Kontni ki dekri Pwodui pou Dezabitye ak Tabak yo.
- Kontni ki pale sou oswa ki fè pwomosyon itilizasyon tabak, pwodui ak akseswa pou fimen tabak, oswa mak tabak yo.
- Kontni medyatik ki montre fimen ak konsomasyon tabak nan yon kontèks ki pa fiktif
- Eksepte nan kontèks kanpay ki ankouraje moun pa fimen, sèvis konsèy pou moun ki gen adiksyon nan fimen, ak sèvis reyabilitasyon pou moun ki vle sispann fimen oswa kontèks PSA.
Alkòl
Nou pa otorize:
Kontni ki:
- Fè tantativ pou vann, achte oswa fè echanj alkòl, sof lè:
- Se piblikasyon yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal yo, tankou biznis vant an detay, sit entènèt oswa mak, oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal yo, san wete ofri sèvis livrezon ak mak kado.
- Kontni ki fè referans ak alkòl oswa ofri yon envitasyon nan yon lokal kote yo pral fè echanj oswa konsome alkòl sou plas nan yon evènman, restoran oswa nan yon fèt.
- Fè tantativ pou fè don oswa bay alkòl sof si se piblikasyon yon Paj, Gwoup, oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal, tankou biznis vant an detay, sit entènèt oswa mak, oswa yon patikilye ki pataje nan non antite komèsyal tradisyonèl legal.
- Fè demann pou pwodui oswa bwason ki fèt ak alkòl.
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane pou pi piti ki kapab wè li:
- Kontni ki se piblikasyon oswa ki fè pwomosyon antite komèsyal tradisyonèl legal, tankou biznis detayan, sit entènèt oswa mak biznis ki fè vant an detay, ki ap fè tantativ vann, achte, fè echanj, fè don oswa fè kado pwodui oswa bwason ki fèt ak alkòl.
- Kontni ki montre konsomasyon pwodui oswa bwason ki fèt ak alkòl oswa pataje resèt pou bwason ki fèt ak alkòl.
- Kontni ki fè referans ak pwodui ki fèt ak alkòl oswa ofri yon envitasyon nan yon lokal kote yo pral fè echanj oswa konsome alkòl.
Sante ak Byennèt
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane pou pi piti ki kapab wè li:
Pwodui oswa sèvis pou pèdi pwa oswa pwodui pou pran pwa
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado, mansyone, oswa fè demann pou, pwodui oswa sèvis ki pèmèt moun pèdi pwa oswa pwodui oswa sèvis ki pèmèt moun pran pwa.
- Admèt oswa montre lè yon moun itilize pwodui pou pèdi pwa oswa pwodui pou pran pwa, nan yon kontèks favorab oswa diskite sou efè segondè li yo.
- Montre kowòdinasyon oswa pwomosyon (dapre nou, sa vle di ki pale nan yon fason pozitif sou yon pwodui pou pèdi pwa, ankouraje moun itilize l oswa bay enstriksyon pou itilize oswa fabrike li) yon pwodui pou pèdi pwa.
- Li gen ladan l deklarasyon ki baze sou enferyorite konsènan aparans fizik (sa vle di tèm, deskripsyon oswa kesyon ki negatif epi ki atake aparans yon moun, pati espesifik nan kò a oswa ijenik) oswa reprezantasyon foto yon pati espesifik nan kò a ki pwòch epi ki montre pati nan kò a ki tèlman gwo li fè pli.
- Fè konnen rezilta yo akonpli sèlman lè w itilize pwodui ki kapab pote tankou bijou oswa patch.
- Itilize taktik kontni ki sedui ou pou fè ou klike sou yon lyen nan yon kontèks pou pèdi oswa pran pwa, tankou yon langaj sansasyonèl ak afimasyon sante ki ekzajere oswa ki ekstrèm, oswa pwomès rezilta espesifik nan yon delè ki fikse san deklarasyon non responsabilite oswa kalifikatif.
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don, fè kado, mansyone, oswa fè demann pou pwodui kosmetik, pwosedi, oswa operasyon. Sa gen ladan l:
- Pwodui pou blanchi po, tankou krèm pou blanchi.
- Pwosedi kosmetik ki gen entansyon trete, oswa retabli fonsksyon oswa estrikti nan figi oswa kò moun.
- Admèt oswa montre lè yon moun sèvi ak yon pwosedi kosmetik oswa fè operasyon, mete aksan sou enpak pozitif oswa negatif li yo oswa sou efè segondè yo.
- Montre kowòdinasyon oswa pwomosyon (dapre nou, sa vle di ki pale nan yon fason pozitif sou yon pwodui, ankouraje moun itilize l oswa bay enstriksyon pou itilize oswa fabrike li) yon pwosedi kosmetik oswa operasyon.
- Genyen ladan l deklarasyon ki baze sou enferyorite konsènan aparans fizik, (sa vle di tèm, deskripsyon, oswa kesyon ki negatif epi ki atake aparans yon moun, pati espesifik nan kò a, oswa ijyèn)
Nòt: Politik sa a pa kouvri pwomosyon metòd antrennman (tankou Pilat) oswa pwodui kosmetik tanporè (tankou makiyaj).
Pratik Sante pou Twonpe Moun
Pwodui eksitasyon seksyèl pou adilt- Deklarasyon (tankou deklarasyon pwofesyonèl sante yo oswa òganizasyon sante yo) pou bay swen, geri, oswa elimine nenpòt nan maladi ki pa ka geri ak/oswa maladi ki nan faz tèminal sa yo (lis konplè): Sonje: Sa pa konsène deklarasyon konsènan tretman oswa jere sentòm sa yo.
- Maladi sik (dyabèt)
- Èpès
- Tiwoyid
- Soryazis
- Ebola
- Kansè
- Otis
- Alzheimer
- Parkinson
- Esklewoz Lateral Amyotwofik (Amyotrophic Lateral Sclerosis, ALS)
- Viris Iminodefisyans Imen (Human Immunodeficiency Virus, VIH)
- Itilize taktik kontni ki sedui ou pou fè ou klike sou yon lyen nan yon kontèks sante, tankou langaj sansasyonèl ak afimasyon sante ki ekzajere oswa ki ekstrèm, oswa pwomès rezilta espesifik nan zafè sante nan yon delè ki fikse san deklarasyon non responsabilite oswa kalifikatif.
Kontni ki:
- Fè tantativ achte, vann, fè pwomosyon, fè echanj, fè don, fè kado oswa fè demann pwodui eksitasyon seksyèl pou adilt, kote objektif prensipal la se ankouraje plezi seksyèl yon moun oswa ogmante eksitasyon seksyèl yon moun, nan yon kontèks fiktif oswa ki pa fiktif. Sa gen ladan l:
- Jwèt seksyèl
- Pwodui ewotik
- Pwodui ki pa pwodui chirijikal pou ranfòse pati jenital, tankou pwodui ki ankouraje dezi seksyèl oswa amelyore pèfòmans seksyèl
- Pwodui kote konsantrasyon prensipal la se ankouraje dezi oswa eksitasyon sekyèl
- Demonstrasyon zouti seksyèl san okenn kontèks klè
Kontni ki:
- Fè tantativ achte, vann, fè pwomosyon, fè echanj, fè don, fè kado oswa fè demann pou pwodui sante repwodiksyon oswa byennèt. Sa gen ladan l:
- Pwodui sante repwodiksyon ak pwodui byennèt lè yo konsantre sou plezi seksyèl men se pa pou avantaj medikal, tankou sa ki gen ladan yo objè ki gen fòm peni oswa vajen
- Pwodui ki adrese pwoblèm repwodiksyon seksyèl
- Chiriji jenital kosmetik
- Chiriji jenital pou granmoun
- Edikasyon seksyèl ki konsantre sou plezi seksyèl
- Pwodui òmòn (tankou, pwodui ki bay tèsyon)
Kontni ki:
- Fè tantativ achte, vann, fè pwomosyon, oswa fè demann biznis atik seksyèl pou granmoun, ki ka ankouraje plezi seksyèl yon moun oswa ogmante eksitasyon seksyèl yon moun. Sa gen ladan l:
- Biznis divètisman pou granmoun
- Etablisman divètisman pou granmoun
- Sèvis enstriksyon seksyèl
Jwèt Lajan ak Jwèt Aza Anliy
Pou kontni ki pi ba a, nou mete restriksyon pou se sèlman moun ki gen 18 lane pou pi piti ki kapab wè li:
Jwèt Lajan ak Jwèt Aza Anliy
- Kontni ki fè tantativ vann, fè echanj, reprezante oswa fè pwomosyon anliy pou jwèt ak sèvis jwèt aza kote nenpòt bagay ki gen yon valè monetè (tankou lajan kach oswa lajan dijital/vityèl, egzanp, bitcoin) obligatwa pou jwe ak nenpòt bagay ki gen yon valè monetè fè pati pri a. Sa gen ladan l, men se pa sèlman sa a:
- Jwèt ki mande ladrès, lotri/tiraj, paryaj, paryaj sou jwèt espò, jwèt kazino, jwèt aza, konkou/tiraj o sò.
- Jwèt aza ki ofri yon peryòd esè ki limite epi ki egzije yon pèman annaprè.
- Kontni ki fè tantativ vann, fè echanj, montre oswa pwomote jwèt kazino sosyal ki ankouraje jwèt aza tankou aparèy ki gen fant pou mete lajan, kote pa gen okenn posibilite pou genyen lajan oswa valè lajan. Sa a gen ladan kontni ki endike opòtinite pou genyen "pyès monnen" ki pa gen okenn valè monetè.
- Kontni ki fè tantativ vann, fè echanj, montre oswa fè pwomosyon jwèt jwèt gratis ki ankouraje jwèt aza, kote li pa nesesè pou genyen okenn bagay ki gen valè monetè pou jwe jwèt la, men kapab gen posibilite pou genyen lajan oswa valè lajan.
Espès ki an danje epi ki pwoteje (bèt ak plant sovaj yo)
Nou pa otorize:
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, oswa fè kado oswa fè demann espès zannimo ki an danje disparisyon oswa pati nan kò yo oswa espès plant pwoteje yo.
- Admèt oswa ankouraje lachas ilegal, acha oswa echanj espès zannimo ki an danje disparisyon oswa pati nan kò yo moun ki pibliye kontni an li menm oswa asosye li yo atravè lòt moun. Sa pa genyen ladan li, deskripsyon lachas ilegal etranje fè.
- Reprezante lachas ilegal espès zaninimo ki an danje disparisyon yo oswa pati nan kò yo moun ki pibliye kontni an li menm oswa asosye li yo fè.
- Montre kowòdinasyon oswa pwomosyon (dapre nou sa vle di moun k ap pale nan yon fason pozitif sou lachas ilegal espès zannimo ki an danje disparisyon yo oswa pati nan kò yo, ankouraje li, oswa bay enstriksyon) pou yo itilize oswa fabrike pwodui apati espès ki an danje disparisyon yo oswa pati nan kò yo, oswa nenpòt bèt sovaj oswa plant ki an danje.
- Kontni ki fè tantativ achte, vann oswa fè echanj bèt ki pa an danje disparisyon, ki vivan sof lè:
- Se piblikasyon yon Paj, Gwoup oswa pwofil Instagram ki reprezante antite komèsyal tradisyonèl legal yo, tankou biznis vant an detay, sit entènèt legal, mak, oswa abri plasman bèt, oswa yon patikilye ki pataje kontni nan non antite komèsyal tradisyonèl legal yo.
- Pibliye nan yon kontèks adopsyon, kado, fè demann, fè yon don oswa re-lojman bèt vivan ki pa an danje, san wete frè re-lojman pou adosyon atravè kontak dirèk
- Vann yon bèt pou yon ofrann relijye, oswa ofri rekonpans pou bèt domestik ki pèdi.
- Pibliye nan kontèks lavant bèt.
- Pibliye nan kontèks acha, lavant oswa fè kado, fè demann, fè don kòn bèt, ògà n, manm, kadav, moso, twalèt (eksepte konpòs ak angren).
- Pibliye nan kontèks ofri pwodui ki gen rapò ak bèt pou moun manje tankou ze, pwason, elatriye.
Objè istorik ansyen
Nou pa otorize:
Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don oswa fè kado oswa fè demann objè ansyen istorik.
Byen ak Materyèl ki Danjere
Nou pa otorize:
Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, fè don oswa fè kado oswa fè demann pwodui ak materyèl ki danjere.
Pati ak Likid nan Kò Moun
Nou pa otorize:
Kontni ki:
- Fè tantativ pou achte, vann, oswa fè echanj pati nan kò moun, menm pi lwen pase kontni trafik moun ki entèdi anba a Politik Eksplwatasyon Moun.
- Mande echanj san moun
- Fè tantativ pou achte, vann oswa fè echanj likid ki soti nan kò moun.
- Sof si li pibliye nan kad yon don likid ki soti nan kò moun tankou espèmatazoyid oswa san.
Machandiz yo retire sou mache a
Nou pa otorize:
Kontni ki fè tantativ pou achte, vann, fè echanj, kowòdone echanj, fè don, fè kado oswa mande pou retire machandiz sou mache a.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Done
Gade dènye Rapò sou Aplikasyon Estanda Kominotè yo
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd nan sa ki gen pou wè ak machandiz ak sèvis ki gen restriksyon
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an