Move Enfòmasyon
Detay sou politik la
JOUNAL MODIFIKASYON
Jodi a
8 avril 2025
14 mas 2025
8 janvye 2025
19 jiyè 2024
10 jiyè 2024
11 jen 2024
21 me 2024
7 fevriye 2024
6 desanm 2023
30 septanm 2023
15 jiyè 2023
Jistifikasyon Politik la
Fo enfòmasyon diferan ak lòt kalite diskou ki gen nan Estanda Kominotè nou an, paske pa gen okenn fason pou di nan yon lis konplè kisa ki entèdi. Nan ka kote gen vyolans grafik oswa konpòtman rayisab, pa egzanp, politik nou yo espesifye kontni nou entèdi, epi menm moun ki pa dakò avèk politik sa yo kapab suiv yo. Sepandan, Avèk fo enfòmasyon, nou pa ka mete yon bagay konsa. Monn lan tout tan ap chanje, sa ki verite nan yon minit ka pa verite nan pwochen minit la. Epitou, moun gen diferan nivo enfòmasyon konsènan monn ki nan alantou l, epi li ka kwè yon bagay se verite lè se pa sa. Yon politik ki senpleman entèdi “fo enfòmasyon” p ap bay moun k ap itilize sèvis nou yon avi ki itil, epi li p ap aplikab, paske nou pa gen aksè ki pafè ak enfòmasyon yo.
Nan plas li, politik nou yo site diferan kategori fo enfòmasyon, epi li eseye bay rekòmandasyon ki klè sou fason nou trete diskou sa yo, lè nou wè yo. Pou chak kategori, apwòch nou an reflete tantativ pou balanse valè ekspresyon nou yo, sekirite, diyite, otantisite, ak konfidansyalite.
Nou retire fo enfòmasyon yo lè l gen anpil chans pou kontribiye dirèkteman ak yon risk danje grav ki kapab rive. Epitou, nou retire kontni ki gen anpil chans pou kontribiye dirèkteman nan deranje fonksyònman yon pwosesis politik. Pou nou kapab detèmine kisa ki fo enfòmasyon nan kategori sa yo ye, nou kolabore avèk ekspè endepandan ki gen konesans ak ekspètiz pou evalye verite ki gen nan yon kontni, epi detèmine si gen chans pou li kontribiye dirèkteman nan risk danjere ki kapab rive. Sa gen ladan l, pa egzanp, fè yon patenarya avèk òganizasyon dwa moun ki prezan sou teren nan yon peyi pou detèmine verite oswa rimè konsènan konfli sivil.
Pou tout lòt fo enfòmasyon, nou konsantre sou diminye gwo konsekans oswa kreye yon anviwònman ki favorize yon dyalòg pwodiktif. Nou konnen moun souvan itilize fo enfòmasyon yon fason ki pa deranje moun, tankou pou egzajere yon opinyon ("Ekip sa a gen pi move rekò nan istwa espò a!") oswa pou fè imou oswa sati ("Mari m fèk pran pri Mari pou Ane a."). Epitou, yo ka pataje eksperyans yo atravè istwa ki gen kèk bagay ki pa egzak. Nan kèk ka, moun yo pataje opinyon pèsonèl ki gen gwo kwayans lòt moun konsidere kòm fo enfòmasyon, oswa yo pataje enfòmasyon yo kwè ki verite, men lòt moun konsidere yo pa konplè oswa yo ap twonpe moun.
Nou rekonèt kalite diskou sa a komen epi n ap fè efò pou nou bay itilizatè yo enfòmasyon ki itil lè gen kontni ki kapab twonpe oswa bay konfizyon. Nan kad efò sa a, andeyò peyi Etazini nou fè patenarya avèk yon twazyèm pati ki se òganizasyon ki verifye enfòmasyon nan anpil rejyon atravè mond lan pou egzamine ak evalye presizyon kontni ki mache plis sou platfòm nou yo (gade isit la epi isit la pou apwòch nou nan Etazini). Kòmanse nan Etazini, pwogram Nòt Kominotè a pèmèt moun yo ajoute plis kontèks nan piblikasyon Facebook, Instagram ak Threads ki kapab twonpe moun oswa bay konfizyon (gade isi a). Nou bay tou resous pou amelyore edikasyon medya ak dijital yon fason pou moun yo ka deside poukont yo sa yo dwe li, sa yo dwe fè konfyans ak sa yo dwe pataje. Nou mande pou moun yo divilge, gras avèk zouti Entèlijans Atifisyèl nou an chak fwa y ap pibliye kontni òganik ki gen videyo fotoreyalis oswa son odyo ki reyalis ki kreye oswa modifye nimerikman epi nou kapab fè yo peye amann si yo pa fè sa a. Sa kapab rive nou ajoute yon etikèt sou kèk kontni ki kreye oswa modifye nimerikman, ki reprezante yon gwo danje pou twonpe moun sou kesyon ki enpòtan pou piblik la.
Pou fini, nou entèdi kontni ak konpòtman nan lòt zòn ki souvan gen resanblans ak pwopagasyon fo enfòmasyon. Pa egzanp, Estandan Kominotè nou yo entèdi fo kont, fwod, ak konpòtman ki pa orijinal òganize.
Menm jan anviwònman anliy ak lè nou pa anliy chanje ak evolye, n ap kontinye adapte politik sa yo. Kont ki kontinye ap pataje fo enfòmasyon nou site anba a, anplis nou retire kontni yo jan sa di nan politik nou an, n ap diminye distribisyon yo resevwa, limite kapasite pou yo fè pwomosyon, oswa retire yo sou platfòm nou yo. Nou kapab jwenn enfòmasyon anplis sou ki sa ki rive lè nou retire yon kontni sou Meta here.
Rekòmandasyon
Fo enfòmasyon nou retire:
Nou retire kalite fo enfòmasyon ki annapre yo:
I. Domaj Fizik oswa Vyolans
Nou retire fo enfòmasyon oswa rimè ki pa verifye patnè ekspè yo detèmine ki posib pou kontribye dirèkteman nan yon risk vyolans oswa domaj fizik sou moun ki gen tout chans pou rive. Nou defini fo enfòmasyon kòm kontni ak yon deklarasyon yon lòt konpayi ki egzèse otorite detèmine kòm fo enfòmasyon. Nou defini yon rimè ki pa verifye kòm yon deklarasyon kote patnè ekspè yo konfime sous la trè difisil oswa enposib pou trase, kote pou li sous ki gen otorite yo absan, kote pa gen ase espesifisite pou deklarasyon an ka demare, oswa kote deklarasyon an twò enkredil oswa twò irasyonèl pou kwè.
Nou konnen pafwa move enfòmasyon ki ta ka parèt san konsekans kapab, nan yon kontèks espesifik, kontribye nan yon risk domaj ki pa fèt anliy, tankou menas vyolans ki ta ka kontribye nan lakòz yon gwo risk lanmò, blesi grav, oswa lòt domaj fizik. Nou travay ak yon rezo mondyal òganizasyon non-gouvènmantal (ONG), òganizasyon ki pa la pou fè lajan, òganizasyon imanitè, ak òganizasyon entènasyonal ki gen ekspètiz nan dinamik lokal sa yo.
Nan peyi ki gen ogmantasyon vyolans sosyal yo, n ap travay ansanm avèk patnè lokal yo yon fason ki vrèman aktif pou kapab detèmine ki fo akizasyon ki kapab dirèkteman kontribye nan risk pou gen vyolans fizik ki rive. Apresa n ap travay pou idantifye epi siprime kontni k ap fè revandikasyon sa yo sou platfòm nou an. Pa egzanp, nan konsiltasyon avek ekspè lokal yo, nou kapab siprime medya ki fè tankou nan yon fason ki pa verite yo reprezante zak vyolans, viktim oswa otè vyolans, zam oswa materyèl militè.
II. Fo enfòmasyon danjere sou sante
Nou konsilte òganizasyon lasante prensipal yo pou idantifye fo enfòmasyon sou sante ki gendwa kontribye dirèkteman nan domaj iminan sou sante ak sekirite piblik. Fo enfòmasyon danjere sou sante nou retire gen ladan bagay ki annapre yo:
- Fo enfòmasyon sou vaksen. Nou retire fo enfòmasyon prensipalman sou vaksen yo lè otorite sante piblik yo konkli pou di enfòmasyon yo se fo enfòmasyon yo ye epi yo gen anpil chans dirèkteman pou yo kontribye nan refi vaksen iminan. Yo gen ladan yo:
- Vaksen yo lakòz otis (Egzanp: "Ogmantasyon vaksen yo se rezon ki fè anpil timoun gen otis jou sa yo."
- Vaksen yo lakòz Sendwòm Lanmò Sibit Lakay Tibebe (Egzanp: "Èske w pa konnen vaksen yo lakòz SIDS?"
- Vaksen yo lakòz maladi yo vle pwoteje yon moun kont li a, oswa lakòz moun k ap resevwa vaksen an gen plis chans pou l trape maladi a (Egzanp: "Pran vaksen an fè w gen plis chans pou w trape maladi a paske li gen yon souch nan maladi a anndan l. Fè atansyon!")
- Vaksen oswa engredyan yo mòtèl, toksik, yo ka anpwazonnen, oswa danjere (Egzanp: Byensi, ou ka pran vaksen, si ou pa gen pwoblèm pou mete pwazon nan kò ou.")
- Iminite natirèl pi bon pase iminite vaksen an (Egzanp: "Li pi an sekirite pou senpleman pran maladi a olye pou pran vaksen an.")
- Li danjere pou w pran plizyè vaksen nan yon peryòd tan ki kout, menm si yo rekòmande moman sa a sou plan medikal (Egzanp: "Pa janm pran plis pase yon (1) vaksen an menm tan, sa danjere - mwen pa okipe sa doktè w la di w). !”)
- Vaksen yo pa efikas pou anpeche maladi yo pretann pwoteje w kont yo a. Sepandan, pou vaksen COVID-19, grip ak malarya, nou pa retire deklarasyon ki di vaksen sa yo pa efikas pou anpeche yon moun pran viris sa yo. (Egzanp: Retire - "Vaksen polyo a pa fè anyen pou anpeche w pran maladi a"; Retire - "Vaksen yo pa fè anyen pou anpeche w pran maladi"; Otorize - "Vaksen an pa anpeche w pran COVID-19, se poutèt sa ou toujou bezwen distans sosyalman epi mete yon mask lè w bò kote lòt moun."
- Lè w atrape lawoujòl, li pa ka lakòz lanmò (mande enfòmasyon siplemantè ak/oswa kontèks) (Egzanp: "Pa enkyete w si w genyen lawoujòl, li pa ka fatal."
- Vitamin C efikas menm jan ak vaksen yo nan anpeche moun pran maladi yo fè vaksen pou yo a.
- Fo enfòmasyon sou sante pandan ijans sante piblik. Nou retire fo enfòmasyon pandan ijans sante piblik lè otorite sante piblik yo konkli enfòmasyon an se fo enfòmasyon li ye epi ki gen anpil chans kontribye dirèkteman nan risk pou yo lakòz domaj fizik ki gen pou rive, ki gen ladan lè yo kontribye nan risk pou moun trape oswa simaye yon maladi danjere oswa refize yon vaksen ki asosye. Nou idantifye ijans sante piblik nan kolaborasyon ak otorite sante mondyal ak lokal yo.
- Fè pwomosyon oswa defann remèd mirak ki danjere pou pwoblèm sante. Sa yo gen ladan yo tretman kote aplikasyon rekòmande a, nan yon kontèks sante, gen anpil chans dirèkteman kontribye nan risk pou gen gwo domaj oswa lanmò, epi tretman an pa gen okenn itilizasyon lejitim pou sante (egzanp: klowòks, dezenfektan, pom,ad salv nwa, soud kostik).
III. Entèferans votè oswa resansman
Nan yon efò pou ankouraje eleksyon ak entegrite resansman, nou retire fo enfòmasyon ki gendwa kontribye dirèkteman nan yon risk entèferans ak kapasite moun yo pou yo patisipe nan pwosesis sa yo. Sa a gen ladan sa ki annapre yo:
- Fo enfòmasyon sou dat, pozisyon, lè, ak metòd pou vote, anrejistreman elektè, oswa patisipasyon nan resansman.
- Fo enfòmasyon sou ki moun ki kapab vote, kalifikasyon pou vote, kontaj vòt, ak ki enfòmasyon oswa materyèl yo dwe bay pou yo vote.
- Fo enfòmasyon sou si yon kandida ap patisipe oswa p ap patisipe.
- Fo enfòmasyon sou ki moun ki ka patisipe nan resansman an ak ki enfòmasyon oswa materyèl yo dwe bay pou yo ka patisipe.
- Fo enfòmasyon konsènan patisipasyon gouvènman an nan resansman an, tankou, kote sa aplikab, enfòmasyon resansman yon moun pral pataje ak yon lòt ajans gouvènman (ki pa nan resansman).
- Fo deklarasyon oswa deklarasyon ki pa verifye pou di Imigrasyon ak Ladwàn Etazini (Immigration and Customs Enforcement, ICE) twouve yo nan yon biwo vòt.
- Fo deklarasyon eksplisit kote yo di moun yo pral enfekte avèk COVID-19 (oswa yon lòt maladi kontajye) si yo patisipe nan pwosesis vòt la.
- Fo deklarasyon konsènan kondisyon aktyèl yon biwo vòt nan Etazini ki ta kapab lakoz li enposib pou vote lè yon otorite elektoral verifye li.https://www.internalfb.com/translations/fbcat/?translation_task_id=599423106471111&translation_task_step_id=1738038160197204&translating_locale=ht_HT&locale=en_US&active_cms_id=2296346154079430&highlight_segment_id=30349683687980000#
Nou gen lòt politik ki la pou kouvri apèl pou vyolans, pwomosyon patisipasyon ilegal ak apèl pou entèferans kowòdone nan eleksyon yo, ki reprezante nan lòt seksyon Estanda Kominotè yo.
Pou kontni sa a, nou mete yon etikèt ki gen enfòmasyon ladan:
Medya yo Manipile
Medya yo kapab modifye nan plizyè fason. Nan anpil ka, chanjman sa yo fèb, tankou kontni yo rekadre oswa yo fè vin pi kout pou rezon atistik oswa mizik y ap ajoute. Nan lòt sitiyasyon, manipilasyon an pa vrèman parèt epi li kapab twonpe moun.
- Kontni ki Kreye oswa Modifye Nimerikman ki Kapab Twonpe. Pou kontni ki respekte Estanda Kominotè yo nan yon fason oubyen yon lòt, nou kapab mete yon etikèt ki gen enfòmasyon sou kontni an, – oswa refize kontni ki soumèt la antanke yon piblisite – lè kontni an se yon imaj oswa videyo ki anime oswa son odyo ki reyalis ki te kreye oswa modifye nimerikman epi ki kreye yon gwo danje pou twonpe piblik la sou baz materyèl sou kesyon ki enpòtan pou piblik la.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd nan zafè fo enfòmasyon
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an