Itilize Pwopriyete Entèlektyèl ak Lisans Meta yo

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Meta konsakre plizyè resous esansyèl pou devlopman, pwoteksyon, ak bon itilizasyon pwopriyete entèlektyèl li. Politik sa a ede asire yo pa itilize pwopriyete entèlektyèl Meta nan yon fason ki ilegal, san otorizasyon alavans nou alekri, oswa nan yon fason ki pa konsistan avèk Sant Resous Mak nou an.
Pa pibliye kontni ki:
  • Itilizayon Mak:
    • Itilize dwadotè Meta oswa mak fabrik Meta yo san Meta pa t gentan bay pèmisyon alekri li avan oswa nan yon fason Sant Resous Mak Meta entèdi.
    • Reprezante nenpòt mak Meta yo nan yon fason ki fè l pi diferan oswa pi vizib nan kreyasyon an.
    • Modifye aktif mak Meta yo nan nenpòt fason an, tankou chanje dizay oswa koulè a, oswa itilize yo pou efè espesyal oswa animasyon.
  • Sipò pou mak:
    • Lese, san pèmisyon alekri alavans Meta, yon sipò oswa kolaborasyon nan nenpòt fason an avèk nenpòt mak Meta yo.
    • Pa aklè, san pèmisyon alekri alavans Meta, yon sipò oswa kolaborasyon nan nenpòt fason an avèk nenpòt mak Meta yo (tankou Facebook, Instagram oswa WhatsApp), teknoloji oswa pwogram.
  • Reprezante entèfas itilizatè nenpòt pwodui nan yon fason ki:
    • Yon reprezantasyon ki pa egzat pou aparans aktyèl la, fonksyonalite oswa karakteristik pwodui yo.
    • Modifye entèfas itilizatè a nan nenpòt fason an tankou ajoute efè espesyal, entèferans oswa animasyon.
    • Itilize eleman ki nan entèfas la yon fason separe oswa endividyèl.
    • Pa reprezante entèfas itilizatè a nan kontèks yon aparèy ki enpòtan tankou mobil oswa òdinatè.
  • Itilize mizik oswa lòt kontni nan yon fason ki pa respekte akò lisans mizik Meta yo.
  • Difize kontni Facebook Watch ki se pou Meta ak/oswa sou lisans eksklizif san pèmisyon alekri alavans.
  • Itilize dwa pwopriyete entèlektyèl ki se pou Meta yo san pèmisyon alekri alavans.
  • Itilize mak ki vrèman sanble ak mak fabrik Meta yo.
Nou Retire:
  • Kont k ap plede pa respekte politik sa a tankou kreye nouvo kont aprè yo te fin retire sa anvan an.
Nou otorize kontni ki itilize dwa pwopriyete entèlektyèl ki se pou ak/oswa sou lisans Meta yo nan yon fason ki:
  • Meta otorize alekri aklè, ak/oswa
  • Ki respekte rekòmandasyon ki nan Sant Resous Mak Meta yo.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn sipò pandan w ap itilize pwopriyete entèlektyèl ak lisans Meta yo
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an