Komemorasyon

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Lè yon moun mouri, zanmi ak fanmi kapab mande pou komemore kont li yo. Depi kont lan komemore, mo "Nou Sonje Ou" ap parèt anlè non ki sou pwofil moun lan. Kidonk, kont lan se yon sit komemorasyon. Kont yo komemore ede kreye yon espas ki san danje pou sonje moun moun ki pwòch nou epi pwoteje l kont tantativ pou konekte ak aktivite fwod. Pou nou respekte chwa moun lan te fè lè li te vivan an, nou prevwa konsève kont li an san nou pa chanje l aprè lanmò li.
Sou Facebook, nou rann li posib tou pou moun yo idantifye yon kontak eritye ki pral jere kont yo a aprè yo fin mouri. Pou nou sipotè moun ki andèy yo, nan kèk sitiyasyon, nou ka efase oswa chanje kèk kontni lè kontak eritye a oswa manm fanmi yo mande sa.
Mande pou komemore kont Facebook oswa Instagram ki se pou itilizatè ki mouri yo kapab fèt gras ak enfòmasyon nesesè pou:
  • Zanmi Facebook yo
  • Fanatik sou Instagram yo
  • Manm fanmi ki gen bonjan enfòmasyon yo
Pou viktim asasina ak suisid yo, nou pral retire kontni sa a sou Facebook ak Instagram si li parèt sou foto pwofil, foto kouvèti moun ki mouri an, oswa dènye piblikasyon ki fèt sou jounal li an lè yon manm fanmi moun ki mouri an fè demann sa. Epitou, nou kapab retire kontni sa a sou Facebook lè yon kontak legal sou Facebook fè demann lan:
  • Kontni ki gen pou wè ak lanmò moun ki mouri a
  • Fè lwanj oswa sipòte lanmò, maladi, oswa malè moun ki mouri a
  • Reprezantasyon vizyèl bagay yo itilize nan lanmò moun ki mouri an.
  • Imaj moun yo kondane a oswa moun yo akize ki touye moun ki mouri an.
  • Estati relasyon oswa zanmi asasen ki kondane a oswa swadizan asasen moun ki mouri a
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou mande plis enfòmasyon ak/oswa kontèks pou fè chanjman sa yo lè yon reprezantan otorize moun ki mouri a mande sa epi se sèlman sou Facebook kontak legal kapab fè sa a:
  • Retire kòmantè ki reprezante vyolasyon sou yon pwofil souvni, sa ki t ap mande pou moun lan pote plent pou tèt li nan tan nòmal, pou nou konnen li pa vle kòmantè yo.
  • Chanje paramèt konfidansyalite endividyèl moun ki mouri a sou "piblik" pou mete l sou "zanmi sèlman" lè gen kontni ki nuizib sou pwofil la.
  • Chanje non an sou pwofil la si li vyole Estanda Kominotè nou an, an akò ak politik Non Otantik nou an
  • Ajoute zanmi oswa moun k ap suiv defen an nan pwofil la si yo te retire yo aprè lanmò a
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd pou komemorasyon
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an