Kontni, Pwodui, oswa Sèvis Lokal ki Ilegal

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Lè regilatè yo oswa antite gouvènman yo rete kwè kontni sou sèvis nou yo pa respekte lwa lokal yo, yo kapab mande pou nou mete restriksyon sou kontni an. Antite ki pa nan gouvènman yo ak manm ki nan piblik la kapab voye siyalman tou ki ta fè kwè kontni an pa respekte lalwa. Epitou, nou kapab resevwa òdonans tribinal.
Lè nou reseva yon siyalman oswa yon òdonans, premye bagay nou fè se gade si li respekte Estanda Kominotè nou yo. Si nou dekouvri kontni an pa respekte politik nou yo, nou siprime li. Si kontni an respekte politik nou yo, an konfòmite avèk angajman nou yo antanke yon manm nan Inisyativ Rezo Mondyal ak Politik sou Antrepriz Dwa Moun nou an, nou fè yon revizyon legal ansanm ak dwa moun avèk dilijans pou konfime si siyalman an kòrèk.
Nan ka kote nou kwè siyalman yo pa kòrèk jiridikman, yo pa espesifik, oswa yo pa konsistan avèk prensip entènasyonal sou dwa moun, nou kapan mande klarifikasyon oswa pa pran okenn mezi.
Kote nou pran mezi kont kontni itilizatè yo sou baz lwa lokal yo olye nou konsidere Estanda Kominotè nou yo, nou detèmine pou limite aksè nan kontni an sèlman nan jiridiksyon an kote yo di li pa legal la epi nou pa mete okenn lòt sanksyon oswa restriksyon karakteristik yo. Nou notifye itilizatè sa konsène a tou.
Epitou, nou pibliye rapò yo ki detaye kijan nou evalye siyalman kontni ki pa respekte lwa lokal ak egzanp kote nou limite aksè ak kontni an nan ka sa a, li disponib isi a.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn sipò nan kad kontni, pwodui oswa sèvis ki ilegal
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an