Vyolasyon Pwopriyete Entèlektyèl Lòt Moun oswa Antite

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Meta pran dwa pwopriyete entèlektyèl yo seryezman epi li angaje l pou pwoteje dwa sa yo pandan l ap ankouraje ekspresyon, kreyativite ak inovasyon nan yon espas ki bati sou konfyans kominote a.
Pou rezon sa a, nou aplike yon politik kont piblikasyon kontni ki vyole dwa pwopriyete entelektyèl yon lòt moun, ki gen ladan l dwa dotè, mak komèsyal, oswa lòt dwa legal. Nou pibliye enfòmasyon sou rapò pwopriyete entelektyèl nou resevwa yo nan Rapò Transparans sou Pwopriyete Entèlektyèl nou an.
Pou siyale kontni ou santi ki ka vyole dwa pwopriyete entèlektyèl ou yo, tanpri vizite Sant Èd sou Pwopriyete Entelektyèl nou an, vizite paj pwoteksyon biznis nou an, oswa anvizaje aplike pou w jwenn aksè ak Pwoteksyon Dwa Mak yo.
Lè nou resevwa yon rapò nan men yon pwopriyetè dwa oswa yon reprezantan ki otorize, nou pral efase oswa mete restriksyon sou kontni ki angaje nan:
  • Vyolasyon dwadotè.
  • Vyolasyon mak.
  • Lavant oswa pwomosyon pwodui ki pa orijinal
  • Fo afilyasyon avèk mak
  • Nenpòt lòt vyolasyon dwa pwopriyete entèlektyèl oswa lòt dwa pwopriyete
Nou siprime tou kontni ki:
  • Gen siy ladan l ki sijere kontni an ap vann oswa fè pwomosyon pwodui mak ki pa orijinal
  • Genyen ladan l lyen ki andeyò platfòm nan ki mennen sou sit entènèt ki dedye ak lavant oswa pwomosyon pwodui yo sispèk ki pa orijinal
  • Vann oswa fè pwomosyon pwodui yo sispèk ki pa orijinal ki idantik oswa trè sanble ak kontni yon pwopriyetè dwa te siyale anvan sa kòm pwodui ki pa orijinal
  • Pataje, fè pwomosyon oswa fasilite vyolasyon dwadotè yo sispekte
Nou siprime kont ki:
  • Angaje yo nan vyolasyon politik sa a ki fèt a plizyè repriz.
Nou otorize kontni pwopriyetè dwa a otorize epi ki suiv prensip itilizasyon san patipri ki etabli yo.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Chèche jwenn èd pou ka Vyolasyon Pwopriyete Entèlektyèl Antite Endepandan
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an