Nan efò pou anpeche ak prevwa domaj yo, nou retire kontni ki fasilite oswa kowòdone eksplwatasyon moun, san retire trafik moun. Nou defini trafik moun kòm biznis kote yo retire libète moun, nan objektif pou fè lajan. Se eksplwatasyon moun, nan objektif pou yo fòse yo angaje yo nan aktivite seksyèl, komèsyal, travay oswa nan lòt aktivite kont volonte yo. Li chita sou twonpri, fòs ak bay presyon, epi li degrade moun yo pandan l ap retire libète yo epi jwenn avantaj ekonomik oswa materyèl pou lòt moun.
Trafik moun gen plizyè fasèt epi li nan tou monn lan; li kapab afekte nenpòt moun kèlkeswa laj ou, kondisyon sosyo-ekonomik ou, gwoup etnik ou, sèks ou, oswa kote ou sòti. Li parèt sou plizyè fòm, epi tout sitiyasyon trafik kapab genyen diferan etap devlopman. Poutèt sitiyasyon presyon ki nan abi sa a, viktim yo pa kapab bay konsantman yo.
Menm si nou dwe veye pou nou pa konfonn trafik moun ak pasaj klandesten, yo kapab gen rapò epi monte youn sou lòt. Nasyonzini defini pasaj klandesten kòm obtansyon oswa fasilitasyon pou rantre ilegal nan yon eta atravè fwontyè entènasyonal yo. San li pa nesesè pou gen presyon oswa fòs, li ka toujou lakòz eksplwatasyon moun ki gen plis pwoblèm yo ki ap chèche kite peyi orijin yo, pou yo chèche yon lavi miyò. Pasaj klandesten se yon krim kont yon eta, ki gen rapò ak mouvman, epi trafik moun se yon krim kont yon moun ki gen rapò ak eksplwatasyon.
Anplis kontni ki kondane, sansibilize sou pwoblèm trafik moun oswa kontrebann, nou otorize kontni ki mande oswa pataje enfòmasyon sou sekirite pèsonèl ak travèse fwontyè, chèche azil oswa fason pou kite yon peyi.
Pa pibliye:
Kontni, aktivite oswa entèraksyon ki rekrite moun pou, fasilite oswa eksplwate moun atravè nenpòt nan fòm trafik moun sa yo:
Trafik seksyèl (tout aktivite seksyèl komèsyal ak yon minè oswa tout aktivite seksyèl komèsyal ak yon granmoun ki fèt atravè fòs, fwod, oswa sou presyon)
Vann timoun oswa fè adopsyon ilegal.
Trafik nan òfelina ak touris benevòl (volontouris) nan òfelina.
Maryaj fòse (tankou maryaj timoun)
Eksplwatasyon nan travay (li gen ladan l, fè moun travay akoz dèt).
Esklavaj domestik
Trafik ògà n ki pa ka rejenere, ki pa antre nan kad prelèvman ògà n, don ògà n, oswa grèf nan yon kontèks don ògà n ki pa eksplwatasyon.
Aktivite kriminèl ki fòse (pa egzanp, fòse moun mande, fòse moun fè trafik dwòg).
Rekritman pou timoun sòlda.
Kontni kote yon lòt konpayi ap anplwaye moun pou, fasilite oswa benefisye nan (avèk lajan oswa lòt mwayen) yon aktivite seksyèl komèsyal
Kontni ki ofri pou li bay oswa fasilite pasaj klandesten.
Kontni ki mande pou sèvis trafik moun
Nou otorize kontni règleman sa a kouvri, lè yo pibliye nan yon kontèks pou kondane, edike, sansibilize oswa enfòme.
An konfòmite ak politik sou Eksplwatasyon Moun nou an, verifikatè ak sistèm otomatik nou yo kapab konsidere tou yon ansanm siyal ki gen rapò ak konpòtman pou ede detekte kont ki fè vyolasyon yo epi pran mezi kont yo.
- Nou kapab retire aksè nan kont lan selon entèraksyon yo genyen ki an vyolasyon avèk lòt kont yo, rechèch oswa entèraksyon ki gen kontni ki an vyolasyon oswa apatnans nan kominote yo (ap egzanp Gwoup yo) nou te siprime akòz yo pa respekte politik nou yo.
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou bezwen enfòmasyon ak/oswa kontèks anplis pou aplike yo: