Fwod, Eskwokri ak Pratik pou Twonpe Moun
Detay sou politik la
JOUNAL MODIFIKASYON
Jodi a
6 jen 2025
2 oktòb 2024
18 jiyè 2024
4 out 2023
28 avril 2022
23 desanm 2021
24 novanm 2021
28 oktòb 2021
26 out 2021
4 me 2020
17 desanm 2020
18 novanm 2020
16 desanm 2019
3 septanm 2019
Jistifikasyon Politik la
Objektif nou se pou pwoteje itilizatè yo ak antrepriz yo kont eskwokri sou lajan yo, pwopriyete yo oswa enfòmasyon pèsonèl yo. Nou rive fè sa lè nou retire kontni ak konbat kont konpòtman ki fè espre itilize mwayen pou twonpe – tankou fo deklarasyon volontè, vòl enfòmasyon ak afimasyon ekzajere – pou swa twonpe oswa fwode itilizatè yo ak antrepriz yo, oswa pou ankouraje angajman. Sa genyen ladan li kontni ki chèche kowòdone oswa fè pwomosyon aktivite sa yo gras ak sèvis nou yo. Nou pèmèt moun sansibilize ak edike lòt moun epi kondane aktivite sa yo.
Nou pa otorize:
Kontni ki eseye fè fwod oswa twonpe itilizatè yo ak/oswa biznis yo pa mwayen:
Fwod sou Prè
Kontni ki:
- Ofri prè ki mande itilizatè a peye yon frè davans pou benefisye yon prè.
- Ofri prè ak garanti oswa garanti apwobasyon ki pa konplè, ki deklare swa klèman oswa ki afiche yon fason pou moun konprann li apre eksplikayson dapre kontèks (tankou deklarasyon pou apwouve prè san yo pa mande enfòmasyon finansye).
- Remak: Nou veye lòt siyal tou pou detèmine si yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa gen fwod, tankou lè se yon antite verifye ak yon bank oswa enstitisyon finansye.
Fwod sou Paryaj
Kontni ki:
- Ofri sèvis jwèt aza ak lajan reyèl ("Lajan reyèl" se lajan moun ka itilize pou achte machandiz oswa sèvis nan mond reyèl la, sa ki gen ladan l egzanp lajan nasyonal tankou dola ameriken ak lajan vityèl tankou Bitcoin):
- ak yon garanti moun nan ap genyen kanmenm.
- ki fè konprann oswa ki admèt li te trike rezilta yon jwèt oswa match.
- solisite moun vin fè modifikasyon nan yon match oswa chèche èd oswa konsèy sou kijan pou modifye yon match oswa jwèt.
Jwèt kazino sosyal ki se yon similasyon jwèt aza ki pa gen okenn opòtinite pou genyen lajan reyèl vin fè pati Estanda Kominotè nou sou Byen ak Sèvis ki Entèdi yo.
Fwod sou Envestisman ak Finans
- Opòtinite Envestisman Kontni ki:
- Ofri opòtinite envestisman kote benefis sou envestisman yo garanti oswa san risk.
- Ofri opòtinite envestisman kote benefis sou envestisman oswa konpansasyon yo chita an pati oswa totalman sou rekritman lòt moun pou patisipe nan konplo a.
- Ofri opòtinite envestisman kote opòtinite a pwopoze w "vin rich byen rapid" epi/oswa deklare yon ti envestisman ka fè viktim nan fè yon gwo kantite lajan.
- Viman Lajan Kontni ki:
- Ofri pou fè yon sèten sòm lajan vin pi plis atravè viman lajan oswa estrateji ki enplike mansyon klè "viman lajan kach," "viman lajan," oswa tèminoloji ki parèy ak sa yo.
Fwod Blanchiman Lajan
- Blanchiman Lajan Kontni ki:
- Ofri oswa mande pou blanchi lajan (ki lakòz viktim yo vin patisipe yon fason kote yo pa konnen nan blanchiman lajan gras ak òf lajan oswa pataj pwofi ann echanj pou pèmèt lòt moun itilize kont bankè yo oswa transfere lajan sou non lòt moun).
- Ofri oswa mande blanchi lajan nan òf travay pou aksepte ak transfere lajan bay lòt moun oswa antite gras ak kont bankè viktim nan.
- Blanchiman Lajan Kontni ki:
- Mande, mande oswa ofri pou fasilite blanchiman lajan, ki se yon tantativ pou fè lajan ki fèt yon fason ilegal parèt legal kote yon moun ap kache kote lajan an soti gras ak yon sekans tranzaksyon finansye ki konplèks, kepi tou atravè nenpòt nan mwayen sa ki pi ba yo:
- Chèche transfè lajan atravè sistèm SWIFT (Society for Worldwide Interbank Financial Telecommunications) la oswa metòd ki parèy,
- Chèche oswa ofri detay sou kalite kont bankè ki disponib pou ede nan resepsyon oswa transfè lajan kach.
Fwod sou Fo Idantite
Kontni ki:
- Tantativ pou twonpe itilizatè yo nan bay manti sou idantite moun ki pibliye a oswa nati yon demann:
- Fwod Charite, ki se demann lajan oswa don ki baze sou fwod pou objektif charite ansanm ak deklarasyon ki fè konnen don an ijan epi li gen ladan l enfòmasyon, tankou kont bankè, kote moun kapab voye lajan ale.
- Fwod Renmen, ki se tantativ fwod pou kreye relasyon amourez sou entènèt nan chèche konpayi oswa relasyon ki pa seksyèl epi ofri oswa mande lajan oswa ekivalan li ann echanj.
- Fwòd Biznis/Antite Eki Tabli, ki enplike fo reklamasyon pou reprezante, oswa pale nan non, yon biznis oswa antite tabli, nan yon tantativ pou twonpe oswa fè fwod.
Fwod sou Pwodui oswa Rekonpans
- Fwod sou Sibvansyon Gouvènman. Kontni ki:
- Ofri lajan atravè sibvansyon gouvènman an oswa nenpòt lòt sous finansman gouvènman an nan yon fason ki baze sou manti. Nou konsidere plizyè siyal pou detèmine si yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa baze sou fwod, tankou lè li se yon siyal ki soti bòkote yon antite verifye.
- Fwod Tanjib, Espirityèl oswa Iliminati. Kontni ki:
- Ofri rekonpans tanjib, tankou lajan, machandiz, oswa sèvis ki gen yon valè monetè tankou lajan fizik, dijital ak vityèl, ak machandiz epi sèvis fizik oswa dijital pou vin manm oswa rantre nan yon asosyasyon, kilt, sèk relijye (pa egzanp, fratènite iliminati).
- Ofri rekonpans tanjib pou itilize maji nwa oswa sòtilèj oswa atik maji (pa egzanp, sòtilèj, cham pòtbonè, amilèt, jeton, posyon, bous majik, elatriye).
- Fwod sou Asirans. Kontni ki:
- Ofri fo asirans, anpil rabè sou asirans atravè demann pou viktim nan bay yon frè alavans (frè administrasyon, oswa depo, oswa lòt).
- Ofri fo asirans, anpil rabè sou asirans atravè pwomès gwo ekonomi lajan sou asirans konpare ak konpayi asirans tradisyonèl yo (omwen 30% rabè).
- Remak: Nou veye lòt siyal tou pou detèmine si yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa gen fwod, tankou lè se yon antite verifye ak yon bank oswa enstitisyon finansye
- Fwod nan kad Travay Kontni ki:
- Ofri djòb atravè yon deskripsyon travay ki pa klè oswa ki vag ansanm ak opòtinite pou vin rich rapid ki pwomèt lajan san viktim lan pa bezwen envesti tout tan oswa efò li.
- Ofri travay ki pa gen enfòmasyon sou yo, epi ki sèlman fè konnen gen pòs ki vid.
- Ofri opòtinite travay nan kay men pozisyon travay la fè konnen anplwaye a pa kapab travay lakay li.
- Ofri travay ki gen pwomès lajan anvan viktim nan kòmanse travay tout bon.
- Ofri travay ki garanti.
- Ofri travay ki tou gen yon demann frè alavans anvan yo bay viktim nan travay la.
- Remak: Nou veye lòt siyal tou pou detèmine si yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa gen fwod, tankou lè se yon antite verifye
- Fwod pou Solisyone Dèt ak Reparasyon Kredi. Kontni ki:
- Pwomès pou efase oswa elimine oswa diminy yon gwo kantite lajan patikilye sou yon dèt nan yon peryòd tan.
- Pwomèt pou w sispann oswa efase tout koleksyon ak pousuit lajisitis ki gen pou wè ak dèt.
- Pwomès pou padone oswa anile dèt atravè "nouvo pwogram gouvènman" oswa chanjman nan lwa oswa deklarasyon ki parèy ak sila yo.
- Pwomès pou efase oswa retire enfòmasyon sou kredi nan rapò kredi oswa kreye nouvo "idantite kredi".
- Remak: Nou veye lòt siyal tou pou detèmine yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa gen fwod, tankou lè se yon antite verifye ak yon bank oswa enstitisyon finansye
- Fwod nan kad Kado Kontni ki:
- Ofri yon rekonpans garanti ki se lajan reyèl an echanj pou bezwen itilizatè a genyen tankou:
- Enskri nan yon lyen ki pa sou sit la.
- Pataje Enfòmasyon ki ka idantifye yon moun (Personal Identifiable Information, PII) oswa Lòt Enfòmasyon Pèsonèl.
- Kontakte atravè mesaj prive andeyò platfòm lan oswa sou platfòm nan.
- Pa pran okenn mezi.
- Fwod ak Eskwokri sou Frè Alavans. Kontni ki:
- Pwomèt lajan yon fason ki fo nan echanj pou lajan annavans/transfè entènasyonal/pèman.
Fwod Fo Dokiman
- Fo Dokiman oswa Dokiman ki Falsifye. Kontni ki:
- Ofri demann, kreyasyon, lavant, acha oswa komès fo dokiman oswa dokiman ki falsifye.
- Ofri lavant viza oswa rezidans.
- Garanti apwobasyon pou viza oswa rezidans.
- Otorize itilizatè yo jwenn apwobasyon viza san yo pa respekte egzijans nòmal yo.
- Fo Lajan oswa Lajan Falsifye. Kontni ki:
- Ofri pou vann, achte oswa fè echanj lajan ki fo oswa ki falsifye, eksepte lajan jwèt sosyete (pa egzanp, lajan Monopoly) si gen yon kontèks klè ki fè konnen se nan kad jwèt sosyete li fèt.
- Fo Bon Acha oswa Bon Acha Falsifye. Kontni ki:
- Ofri pataj, lavant, acha oswa komès fo bon acha oswa bon acha ki falsifye.
- Admèt, ankouraje oswa mande itilizasyon bon acha fizik oswa dijital pou mete yon pri ki pa nòmal gras ak:
- itilizasyon koupon oswa bon acha pou achte atik moun pa ka achte ak koupon oswa bon acha sa yo; oswa
- nan itilize koupon oswa bon acha ki ekspire.
- Sètifika edikatif ak pwofesyonèl ki fo oswa yo imite. Kontni ki:
- Ofri pou vann, achte oswa fè echanj sètifika edikasyon ak pwofesyonèl ki fo ak falsifye.
Fwod kote yo Vòlè Enfòmasyon, Atik oswa Sèvis
- Fwod Kat Debi/Kredi Kontni ki:
- Ki enplike acha, lavant oswa echanj kat kredi moun volè oswa lòt enstriman finansye yo ka itilize pou acha ki pa otorize (sa ki pote non "carding" nan lang anglè).
- Fwod sou PII Kontni ki:
- Òf pou achte, vann oswa fè echanj Enfòmasyon ki ka Idantifye yon Moun (Personal Identifiable Information, PII) oswa Lòt Enfòmasyon Pèsonèl eksepte si li se enfòmasyon yon karaktè fiktif.
- Fwod Fo Evalyasyon Kontni ki:
- Rele nan telefòn pou vann, achte oswa fè echanj evalyasyon/klasman pwodui.
- Bay itilizatè yon rekonpans ki klè oswa ki pa klè pou menm itilizatè sa yo fè evalyasyon/klasman pwodui oswa sèvis pou diskont, ranbousman oswa atik ki gratis.
- Fwod pou Enskripsyon Kontni ki:
- Ofri achte, vann oswa fè echanj enfòmasyon koneksyon pou sèvis abònman (enfòmasyon koneksyon pou sèvis anliy ki mande yon peman renouvlab nan entèval regilye) pandan l ap fè referans a yon sèvis anliy ki peye, swa nan non li oswa lè li pataje logo li.
- Remak: Nou veye lòt siyal tou pou detèmine si yon antite ap afiche kontni ki lejitim, ki pa gen fwod, tankou lè se yon antite verifye ak yon bank oswa enstitisyon finansye.
- Fwod pou triche Kontni ki:
- Enplike pataj, lavant, echanj oswa acha:
- Dokiman egzamen oswa fèy repons ki gen pou sòti.
- Pwodui oswa sèvis ki otorize moun triche nan egzamen.
- Pwodui oswa sèvis ki pèmèt moun pase tès dwòg nan yon fason ki pa otorize
Fwod kote ki gen Itilizasyon san Otorizasyon Aparèy
- Fwod Manipilasyon sou Aparèy. Kontni ki
- Rele moun pou achte, vann, fè echanj oswa pataje nenpòt aparèy mezi ki manipile, chanje oswa ki fo.
- Admèt, ankouraje oswa solisite itilizasyon manipilasyon fizik yon kalite aparèy pou rive bay yon pri ki pa kòrèk.
- Fwod sou Kontni Dijital. Kontni ki
- Ofri oswa mande pwodui ki fasilite oswa ankouraje aksè nan kontni dijital nan yon fason ki pa otorize. Sa gen ladan l men yo pa limite ak: dekodè ogmante, dekodè enstale ki chaje totalman/KODI ak sèvis KODI.
Pratik Desepsyon ak Twonpri
- Pratik Sante pou Twonpri. Kontni ki
- Ankouraje deklarasyon oswa garanti sou sante ki fo oswa ki twonpe nan yon kontèks pou viktim nan pèdi pwa gras ak taktik lyen pyèj, tankou itilizasyon langaj ki baze sou sansasyon ki fè reklamasyon ekzajere oswa ekstrèm.
Pou kontni sa a, nou limite kapasite pou wè kontni an pou granmoun yo, moun ki gen 18 lane yo oswa plis:
Kontni ki
- Pwomèt rezilta espesifik nan kad pèt pwa nan delè espesifik san kalifikatif ni kloz non-responsabilite.
Malgre sa ki di pi wo a, nou pa entèdi kontni ki kondane, sansibilize oswa edike lòt moun sou fwod ak magouy, san yo pa ni revele enfòmasyon sansib ni yo pa ankouraje fwod oswa magouy.
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou bezwen enfòmasyon ak/oswa kontèks anplis pou aplike yo:
- Nou kapab elimine kontni:
- Ki gen fwod yon antite moun fè konfyans te siyale.
- Ki an rapò ak koripsyon oswa detounman fon.
- Ki ofri vaksen nan yon tantativ pou twonpe oswa fè fwod sou itilizatè yo.
- K ap eseye kreye yon fo pèsonaj, k ap pretann li se yon moun selèb, oswa ki itilize yon imaj yon moun selèb san otorizasyon nan yon tantativ pou twonpe oswa fè fwod.
- Ki ofri oswa mande pwodui oswa sèvis ki fèt pou fasilite gade oswa anrejistre moun, pa egzanp, kamera espyon, dispozitif pou trase telefòn mobil (ansanm ak sa ki pèmèt yo retrase nimewo telefòn enkoni yo), oswa lòt ekipman siveyans kache.
- Ki ofri opòtinite rekritman pou moun patisipe nan pwosè kolektif pandan y ap imite yon antite gouvènman an oswa yon medya k ap bay nouvèl, nan itilize yon langaj ki baze sou sansasyon, oswa lè yo itilize deklarasyon ki ekzajere.
- Ki ofri sèvis abònman ki envite itilizatè yo mete enfòmasyon pèsonèl yo.
- Nou pa otorize okenn antite patisipe oswa deklare yo angaje yo nan Fwod oswa konpòtman Fwod òganize, tankou itilizasyon plizyè kont sou sèvis nou yo nan lide pou gen yon konpòtman ki baze sou fwod.
Nan kèk ka, nou ap otorize kontni ki ka vyole Estanda Kominot
è a yon lòt jan lè nou detèmine kontni an se yon kontni satirik.
Nou ap otorize kontni an sèlman si eleman ki fè vyolasyon nan kontni an vin satirik oswa li atribiye ak yon bagay oswa yon lòt moun nan objektif pou fawouche oswa kritike yo.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Chèche jwenn èd pou lite kont fwod, moun k ap twonpe moun, ak pratik pou twonpe moun yo
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an