Sekirite Enfòmatik

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Nou rekonèt sekirite itilizatè nou yo gen ladan l sekirite enfòmasyon pèsonèl yo, kont yo, pwofil yo ak lòt antite Meta yo kapab ap jere, ansanm ak pwodui ak sèvis nou yo yon fason pi jeneral. Tantativ pou rasanble enfòmasyon pèsonèl ki sansib oswa angajman nan yon aksè ki pa otorize atravè metòd pou twonpe oswa ki envazif se bagay ki deranjan pou atmosfè otantik, ouvè ak sekirize nou vle favorize a.
Nou pa otorize:
Tantativ pou konpwomèt oswa pou gen aksè ak kont yo nan yon fason ki pa otorize, tankou:
  • Jwenn aksè ak kont, pwofil oswa lòt antite Meta oswa done itilizatè ki pa pou ou, atravè mwayen ki pou twonpe moun oswa san otorizasyon pwopriyetè, pwofil, oswa antite a bay yon fason ki aklè.
  • Jwenn, pran oswa fè demann pou konekte ak enfòmasyon pèsonèl yon lòt itilizatè, oswa lòt enfòmasyon itilizatè ki sansib, nan objektif pou gen aksè ki pa otorize, tankou gras ak taktik sa yo:
    • Nou defini Vòl Enfòmasyon kòm yon pratik kote moun kreye kominikasyon oswa sit entènèt ki fèt nan lide pou parèt tankou kominikasyon ak sit entènèt moun fè konfyans, oswa ki gen bon repitasyon nan objektif pou jwenn enfòmasyon sansib itilizatè yo nan objektif pou fè fwod.
    • Enjenyeri sosyal, tankou aksyon ki repete oswa konsistan pou rasanble oswa jwenn repons ak kesyon yo souvan poze pou rekiperasyon kont oswa kesyon pou rekiperasyon modpas yo.
    • Malware (Lojisyèl malveyan) Greyware, Spyware (lojisyèl espyon) oswa lòt kòd malveyan, jan nou dekri l anba a.
Tantativ pou pataje, devlope, dirije oswa pataje lojisyèl malveyan, oswa kòd danjere tankou:
  • Ankouraje oswa twonpe itilizatè yo pou telechaje oswa ouvri fichye, aplikasyon oswa pwogram ki ap mete sekirite anliy oswa sekirite done itilizatè a an danje, tankou, men ki pa limite ak:
    • Malware (Lojisyèl malveyan), ki defini kòm yon kòd oswa lojisyèl ki fèt pou deranje oswa jwenn aksè ki pa otorize nan sistèm yo. Li gen ladan l pwogram ki fèt pou deranje sistèm òdinatè, ansanm ak lojisyèl ki fèt pou pran lajan nan men viktim, tankou lojisyèl ransonaj.
    • Spyware (lojisyèl espyon), ki defini kòm yon kòd oswa lojisyèl ki kolekte done sou itilizatè yo, epi li voye l bay yon twazyèm pati san konsantman itilizatè a, oswa yo itilize done yo nan kontèks ki pa legal (tankou, chantaj seksyèl, chantaj, aksè ilegal ak sistèm yo).
    • Greyware (Lojisyèl Gri), ki defini kòm yon kòd oswa lojisyèl ki deranje itilizasyon materyèl oswa lojisyèl, epi li ka difisil pou retire nan yon sistèm òdinatè oswa rezo.
  • Kreye, pataje oswa ebèje lojisyèl malveyan san wete ekstansyon navigatè ak aplikasyon mobil, sou platfòm lan oswa deyò platfòm lan ki mete itilizatè oswa pwodui ak sèvis yo an danje.
  • Menanse, admèt oswa pèmèt pirataj enfòmatik - tankou lè w pataje oswa fè pwomosyon pou lojisyèl, kou oswa pwodui ki pral pèmèt moun kontounen sistèm sekirite, tankou lojisyèl k ap ankouraje pirataj lojisyèl oswa enfòmasyon idantifikasyon.
  • Bay yon enfrastrikti anliy, li gen ladan l sèvis ebèjman sit entènèt, sèvè sistèm pou non domèn ak rezo piblisite ki pèmèt lyen abizif yon fason pou majorite lyen sa yo sou sèvis nou yo vyole seksyon ki gen rapò ak kontni endezirab oswa sibèsekirite ki nan Estanda Kominotè a.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd nan sa ki gen pou wè ak sekirite enfòmatik
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an