Eksplwatasyon Seksyèl sou Timoun, Abi ak Nidite

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Nou pa aksepte kontni oswa aktivite ki fè eksplwatasyon seksyèl sou timoun oswa mete yo an danje. Lè nou vin konnen gen yon sitiyasyon evidan kote yo fè eksplwatasyon sou timoun, nou siyale l bay Sant Nasyonal pou Timoun ki Disparèt epi yo Eksplwate (National Center for Missing and Exploited Children, NCMEC) nan respè lwa ki aplikab la. Nou konnen kèk fwa moun yo pataje foto pwòp pitit pa yo ki toutouni nan bon entansyon; sepandan, nou jeneralman retire imaj sa yo paske gen posiblite pou lòt moun mal itilize yo epi pou nou ede anpeche lòt moun re-itilize imaj yo oswa detounen yo.
Epitou, nou travay avèk ekspè ekstèn, tankou Komite Konsiltatif sou Sekirite nan Meta, pou nou pale sou politik nou yo ak fason pou aplike yo nan kad pwoblèm sekirite ki genyen anliy epi amelyore yo, sitou pa rapò ak timoun yo. Jwenn plis enfòmasyon sou teknoloji nou ap itilize pou nou lite kont eksplwatasyon timoun.
Pa pibliye:
Eksplwatasyon seksyèl sou timoun
Kontni aktivite oswa entèraksyon ki menasan, k ap montre, k ap fè lwanj, k ap sipòte, k ap bay enstriksyon, k ap fè deklarasyon entansyon, ki admèt patisipasyon, oswa pataje lyen eksplwatasyon seksyèl timoun yo (tankou minè reyèl, timoun piti oswa ti bebe oswa reprezantasyon ki pa reyèl ki sanble ak moun, tankou nan zèv atistik, kontni entelijans atifisyèl pwodui, pèsonaj fiksyon, poupe, elatriye). Sa gen ladan l, men se pa sèlman sa a:
  • Relasyon seksyèl
    • Relasyon seksyèl oswa sèks oral ki afiche byen klè, kote bouch oswa pati jenital yon moun ap antre nan pati jenital oswa twou dèyè yon lòt moun, oswa bouch oswa pati jenital yon moun an kontak avèk pati jenital oswa twou dèyè yon lòt moun, kote omwen gen pati jenital oswa twou dèyè yon moun ki pa gen anyen ki kouvri li.
    • Relasyon seksyèl oswa sèks oral an dirèk, tankou lè kontak la prèske fèt oswa li pa vizib dirèkteman.
    • Estimilasyon pati jenital oswa twou dèyè, tankou lè aktivite a prèske fèt oswa li pa vizib dirèkteman.
    • Nenpòt nan sa ki pi wo yo ki enplike yon zannimo.
  • Timoun ki gen eleman seksyèl, tankou men ki pa limite ak:
    • Restriksyon yo
    • Siy ki montre eksitasyon
    • Mete aksan sou pati jenital yo oswa twou dèyè
    • Prezans yon granmoun ki eksite
    • Prezans jwèt seksyèl oswa itilizasyon nenpòt zouti nan objektif pou gen eksitasyon seksyèl, satisfaksyon seksyèl oswa abi seksyèl.
    • Abiman ki gen rapò avèk sèks
    • Dezabiye nan yon kontèks seksyèl
    • Anviwònman kote yo mete sèn lan (pa egzanp, sou yon kabann) oswa yo filme yon fason pwofesyonèl (kalite/fokis/ang yo)
    • Bo ak bouch ouvè (bo mouye)
    • Jwenn plezi nan pwent tete moun oswa nan peze tete fanm (SOF nan yon kontèks alètman)
    • Prezans pwodui ki se rezilta aktivite seksyèl
  • Kontni ki gen timoun ladan yo nan yon kontèks fetich seksyèl
  • Kontni ki sipòte, fè pwomosyon, defann oswa ankouraje patisipasyon nan pedofili sof si li fèt nan kad yon diskisyon net nan yon kontèks sante ki verifye
  • Kontni ki idantifye oswa pase viktim eksplwatasyon seksyèl nan betiz gras ak non oswa imaj yo
Demann favè seksyèl
Kontni ki mande yon kontni seksyèl oswa aktivite seksyèl ki dekri oswa ki enplike timoun, ki defini kon sa:
  • Materyèl konsènan Abi Seksyèl sou Timoun (Child Sexual Abuse Material, CSAM)
  • Imaj timoun ki toutouni, kit timoun yo reyèl, kit yo pa reyèl
  • Imaj seksyèl timoun, kit timoun yo reyèl, kit yo pa reyèl
Entèraksyon ki pa apwopriye ak timoun
Kontni ki genyen oswa ki fasilite entèraksyon ki pa apwopriye avèk timoun, tankou:
  • Pwopoze, planifye rankont seksyèl avèk timoun
  • Chame timoun pou yo angaje yo nan aktivite seksyèl gras ak konvèsasyon ki gen rapò ak sèks oswa òf, afiche, jwenn oswa yo mande timoun yo oswa se timoun ki mande bagay ki gen pou wè ak sèks lè yo fè ekspre yo montre yo oswa atravè mesaj prive.
  • Tanmen konvèsasyon seksyèl ki endirèk nan mesaj prive avèk timoun
  • Jwenn oswa fè demann materyèl seksyèl nan men timoun nan mesaj prive
Eksplwatasyon imaj entim ak chantaj seksyèl
Kontni k ap tante eksplwate timoun reyèl lè:
  • Li fè chantaj pou viktim yo bay lajan, favè oswa imaj entim gras ak menas pou ekspoze imaj oswa enfòmasyon entim ki reyèl oswa ki pa reyèl.
  • Pataje, menase oswa deklare yon entansyon pou pataje konvèsasyon seksyèl prive oswa imaj entim reyèl oswa ki pa reyèl.
Seksyalizasyon timoun
  • Kontni (tankou foto, videyo, zèv atistik reyèl, kontni nimerik ak reprezantasyon vèbal) ki seksyalize timoun ki reyèl oswa ki pa reyèl
  • Gwoup, Paj ak pwofil ki gen objektif pou seksyalize timoun ki reyèl oswa ki pa reyèl.
Timoun ki toutouni
Definisyon kontni ki reprezante timoun ki reyèl oswa ki pa reyèl ki toutouni yo se:
  • Gwo plan aparèy jenital timoun ki reyèl oswa ki pa reyèl
  • Timoun piti ki toutouni, kit yo reyèl, kit yo pa reyèl k ap montre:
    • Pati jenital moun ka wè byen klè, menm si gen rad transparan ki kouvri oswa kache yo.
    • Twou dèyè moun kapab wè ak/oswa foto rapwoche dèyè ki toutouni nèt.
  • Minè ki toutouni, kit yo reyèl, kit yo pa reyèl k ap montre:
    • Pati jenital yo byen klè (tankou pati jenital pwèl pibyen oswa rad transparan kache sèlman)
    • Twou dèyè moun kapab wè ak/oswa foto rapwoche dèyè ki toutouni nèt.
    • Pwent tete tifi ki pa kouvri
    • Timoun san rad depi nan kou rive nan jenou - menm si pa gen pati jenital oswa pwent tete tifi ki parèt
  • Sòf si imaj ki pa reyèl la se pou rezon sante oswa si se yon deskripsyon ki pa gen rapò ak sèks sou nidite timoun nan atizay monn reyèl
Abi ki pa gen karaktè seksyèl ki fèt sou timoun
Videyo oswa imaj ki montre abi ki pa seksyèl ki reyèl oswa ki pa reyèl k ap fèt sou timoun, san gade entansyon pou pataje a, sof si imaj yo se rezilta zèv atistik, desen anime, sinema oswa jwèt videyo nan mond reyèl la
Kontni ki fè lwanj, sipòte, fè pwomosyon, pran defans, bay enstriksyon oswa ankouraje patisipasyon nan yon abi ki pa gen karaktè seksyèl sou timoun
Anplis n ap siprime kont ki pa respekte politik nou genyen yo sou Eksplwatasyon Seksyèl Timoun, Abi ak Nidite (Child Sexual Exploitation, Abuse and Nudity, CSEAN), verifikatè ak sistèm otomatik nou yo konsidere yon pakèt siy ki pou ede anpeche entèraksyon potansyèl ki endezirab oswa ki danjere yo.
  • Nou kapab dezaktive kont oswa limite aksè nan pwodui ak fonksyonalite yo ( pa egzanp, kapasite pou suiv kèk kont) pou granmoun selon entèraksyon yo genyen avèk lòt kont yo, rechèch oswa entèraksyon ki gen kontni(pa egzanp: renmen oswa pataje) ki an vyolasyon oswa apatnans nan kominote yo (ap egzanp Gwoup yo) nou te siprime akòz yo pa respekte politik nou yo.
Pou kontni sa a, nou mete yon ekran avètisman pou moun kapab konnen kontni an ka deranje moun epi pou yo kapab limite aksè ak kontni an pou se sèlman granmoun ki gen dizuit lane ak plis ki kapab wè l:
  • Videyo oswa foto ki montre polisye oswa manm fòs lame yo ki ap fè abi sou timoun ki pa gen karaktè seksyèl
  • Videyo oswa imaj ki reprezante abi sou timoun ki pa gen karaktè seksyèl, lè fòs lòd yo, ajans pwoteksyon timoun yo, oswa patnè ki fyab nan zafè sekirite fè demann pou nou kite kontni an sou platfòm lan pou objektif presi ki se mennen timoun lan tounen nan yon sitiyasyon ki san danje
Pou kontni ki pi ba a, nou mete yon ekran kontni sansib pou moun yo konnen kontni an kapab deranje kèk nan yo:
  • Videyo oswa foto timoun y ap foure anba dlo yon fason ki vyolan nan yon kontèks rityèl relijye
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou bezwen enfòmasyon ak/oswa kontèks anplis pou aplike yo:
Pou kontni ki pi ba a, nou mete yon etikèt avètisman pou moun konnen kontni an kapab se yon kontni ki sansib:
  • Imaj yon ajans nouvèl aktyalite pibliye ki reprezante yon timoun toutouni nan kontèks grangou, jenosid (masak gwoup etnik), krim lagè, oswa krim kont limanite, sof si li genyen bòkote li yon lejann ki vyole prensip yo oswa yo pataje li nan yon kontèks ki vyole prensip yo. Kidonk, nan ka sa a, nou ap retire kontni an
Epitou, nou kapab efase imaj ki reprezante sa ki rive apre yo fin fè abi sou timoun ki pa gen karaktè seksyèl lè se medya yo, ONG yo oswa lòt patnè ki fyab nan zafè sekirite pataje.
Sa kapab rive nou efase kontni ki idantifye moun ki viktim eksplwatasyon seksyèl sou timoun yo atravè lòt mwayen anplis non ak imaj la si kontni an gen ladan l enfòmasyon ki kapab pèmèt yo idantifye moun lan.
Sa kapab rive nou efase kontni yo kreye nan objektif pou idantifye yon minè an patikilye si ka gen yon risk pou sekirite minè a, lè se Fòs Lòd yo, Gouvènman an, Patnè Fyab yo oswa se minè a ki siyale kontni an poukont li oswa se paran/responsab legal minè a ki mande sa a.
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Done
Gade dènye Rapò sou Aplikasyon Estanda Kominotè yo
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd kont eksplwatasyon seksyèl sou timoun, abi sou timoun ak nidite timoun
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an