Entimidasyon ak Asèlman

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Entimidasyon ak asèlman fèt plizyè kote epi yo fèt sou plizyè fòm. Soti nan menase moun ak mete enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye moun rive nan voye mesaj pou fè menas epi kreye kontak malveyan ki endezirab. Nou p ap tolere kalite konpòtman sa a paske li anpeche moun yo santi yo an sekirite epi gen respè sou Facebook, Instagram ak Threads.
Nou fè diferans ant pèsonalite piblik yo ak patikilye yo paske nou vle bay aksè pou moun fè ti pale, sa ki souvan genyen ladan li fè kòmantè pou kritike moun ki an vedèt nan nouvèl oswa ki gen anpil moun ki ap tande yo. Pou pèsonalite piblik yo, nou retire atak ki grav yo ansanm avèk kèk atak kote yo idantifye non pèsonalite piblik la dirèkteman nan piblikasyon an oswa kòmantè a. Nou defini pèsonalite piblik tankou ofisyèl nan gouvènman an ki nan nivo eta ak nasyonal, kandida politik pou pòs sa yo, moun ki gen plis pase yon milyon moun k ap suiv yo sou rezo sosyal ak moun ki gen yon gwo kouvèti nan medya.
Pou patikilye yo, pwoteksyon nou an ale pi lwen toujou: Nou retire kontni yo kreye nan objektif pou degrade oswa fè moun wont, tankou deklarasyon konsènan aktivite seksyèl yon moun. Nou rekonèt entimidasyon ak tizonnay kapab genyen plis enpak emosyonèl sou minè yo, se sa ki fè regleman nou yo ofri pwoteksyon maksimòm pou nenpòt moun ki gen mwens pase 18 lane yo kèlkeswa estati itilizatè a.
Kontèks ak entansyon enpòtan, epi nou otorize moun pibliye ak pataje si tout bon vre nou dekouvri yo te pataje yon bagay pou kondane oswa atire atansyon sou entimidasyon ak tizonnay. Nan kèk sitiyasyon, nou mande pou moun pote plent ak volonte l, paske li ede nou konprann moun yo sible a santi yo entimide li oswa asele li. Mete sou opsyon moun yo genyen pou siyale konpòtman ak kontni sa yo, nou ankouraje moun yo itilize zouti ki disponib sou platfom nou yo pou ede yo pwoteje tèt yo kont sitiyasyon sa yo.
Epitou, nou genyen yon Pòtay Lit kont Entimidasyon, ki se yon resous pou adolesan, paran, ak anseyan ki ap chèche sipò pou pwoblèm ki gen pou wè ak entimidasyon epi ak lòt konfli. Li ofri konsèy etap pa etap, ki gen ladan l enfòmasyon sou fason pou kòmanse konvèsasyon enpòtan sou entimidasyon. Jwenn plis enfòmasyon sou sa nou ap fè pou n pwoteje moun kont entimidasyon ak tizonnay la a.
Sonje: Politik sa a pa aplike pou moun ki fè pati òganizasyon yo deziyen yo dapre politik pou Moun ak Òganizasyon Danjere oswa moun ki mouri anvan ane 1900 yo.
Nivo 1: Pwoteksyon inivèsèl pou tout moun:
  • Tout moun pwoteje kont:
    • Kontak ou pa vle ki:
      • Repete, OSWA
      • asele seksyèlman, OSWA
      • Ki vize yon gran kantite moun san okenn demann alavans.
    • Envite yon moun espesifik, oswa yon gwoup moun pou blese tèt yo oswa fè suisid.
    • Atak ki baze sou eksperyans agresyon seksyèl, eksplwatasyon seksyèl, tizonnay seksyèl, oswa abi nan kay yo sibi.
    • Deklarasyon entansyon pou angaje nan yon aktivite seksyèl oswa ankouraje yo ale fè yon aktivite seksyèl.
    • Kòmantè ki seksyalize nan yon nivo ki grav anpil.
    • Fotochòp oswa desen ki modifye yon fason ki seksyalize
    • Atak gras ak tèm ki degradan ki gen pou wè ak aktivite seksyèl (pa egzanp: piten, fanm lari).
    • Fè konnen yon trajedi ki vyolan pa t rive.
    • Fè konnen moun yo ap bay manti konsènan yo viktim trajedi ki vyolan oswa atak teworis, tankou deklasyon ki fè konnen y ap:
      • Aji oswa fè tankou yo viktim yon evennman espesifik, oswa
      • Peye yo oswa ba yo travay sa nan objektif pou twonpe moun sou wòl pa yo nan evènman an.
  • Menase pou pataje nimewo telefòn prive yon moun, adrès rezidansyèl, adrès imèl oswa dosye medikal (jan l defini nan Politik sou Vyolasyon Konfidansyalite ).
  • Envite moun fè, oswa fè deklarasyon entansyon pou antre nan, oswa fè entimidasyon ak/oswa asèlman.
  • Kontni ki degrade oswa eksprime degou pa rapò ak moun yo reprezante k ap fè, oswa imedyatman apre yo fin gen règ yo, pipi, vomi, oswa ap twalèt
  • Yo pwoteje tout moun kont eleman sa yo, men pou pèsonalite piblik ki granmoun yo, dapre pwòp volonte yo, yo dwe ekspoze ak:
    • Mande tèt ou lanmò ak deklarasyon ki an favè pou trape oswa devlope yon maladi.
    • Fè selebrasyon oswa ap moke lanmò oswa yon maladi.
    • Deklarasyon konsènan enfeksyon moun pran nan fè bagay.
    • Deklarasyon enferyorite konsènan aparans fizik.
Nivo 2: Pwoteksyon adisyonel pou tou Mine yo, Granmoun Prive ak Pèsonalite Piblik ki gen yon Kouvèti Limite (pa egzanp, moun ki gen repitasyon prensipal yo ki limite nan militans, jounalis, oswa sa ki vin selèb gras ak sitiyasyon envolontè):
  • Anplis pwoteksyon inivèsèl pou tout moun nan, tout minè yo (moun prive oswa pèsonalite piblik), granmoun prive ak pèsonalite piblik ki gen kouvèti limite yo pwoteje kont:
  • Tout minè (moun prive ak pèsonalite piblik), granmoun prive ak pèsonalite piblik ki gen kouvèti limite) pwoteje kont eleman sa yo, men pou pèsonalite piblik ki minè yo, dapre pwèp volonte yo, yo dwe ekspoze ak:
    • Konparezon ki degrade moun (nan fòm alekri oswa vizyèl) ak oswa konsènan:
      • Bèt ak ensèk, tankou kreyati ki enferyè ak moun, kiltirèlman yo wè tankou yon bagay ki enferyè.
      • Bakteri, viris, mikwòb, ak maladi yo.
      • Objè ki pa kapab bouje, tankou fatra, salte ak twalèt.
  • Kontni yo manipile pou atire atansyon moun yon fason ki negatif sou karakteristik fizik espesifik (nen, zòrèy ak plis bagay toujou).
  • Kontni ki klase yo selon aparans fizik oswa trè karakteristik yo.
  • Kontni ki ap degrade moun yo reprezante k ap sibi asèlman fizik (sof nan kontèks espò konba).
Nivo 3: Pwoteksyon adisyonèl pou Minè Prive, Granmoun Prive ak Pèsonalite Piblik ki Minè san se pa t yo menm ki te vle sa:
  • Anplis tout pwoteksyon yo ki mansyone pi wo a, tout minè prive yo, tout granmoun prive yo (ki dwe siyale pwop tèt yo), ak pèsonalite piblik minè ki pa t gen volonte a, yo pwoteje yo kont:
    • Jouman ki sible.
    • Deklarasyon sou enplikasyon womantik, oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl.
    • Mande pou leve kanpe, deklarasyon entansyon, deklarasyon aspirasyon oswa kondisyonèl, oswa deklarasyon k ap defann oswa sipòte eksklizyon.
    • Deklarasyon karaktè oswa kapasite negatif, sof nan kontèks akizasyon kriminèl ak kritik komèsyal kont granmoun.
    • Ekspresyon rayisman, degou, kontni ki rejte egzistans yon moun, sof nan kontèks aksizasyon kriminèl kont granmoun.
  • Lè yo siyale tèt yo, minè prive, granmoun prive, ak pèsonalite piblik ki minè san yo pa t vle sa, yo pwoteje yo kont eleman sa yo:
    • Entimidasyon vèbal an premye pèsòn.
    • Imaj yo manipile moun ki endezirab.
    • Konparezon ak lòt moun piblik, fiktif oswa yon moun patikilye sou baz aparans fizik.
    • Fè deklarasyon sou idantite relijye oswa blasfèm.
    • Konparezon ak bèt oswa ensèk yo pa konsidere sou plan kiltirèl kòm bagay ki enferyè sou plan entèlektyèl oswa fizik ("tig", "lyon").
    • Deskripsyon fizik net oswa pozitif.
    • Deklarasyon karaktè oswa kapasite ki pa negatif.
    • Atak ak mo ki degradan ki gen pou wè ak mank aktivite seksyèl.
Nivo 4: Pwoteksyon adisyonèl pou Minè Prive sèlman:
  • Minè yo jwenn plis pwoteksyon anba politik nou yo. Anplis pwoteksyon ki mansyone pi wo a, minè prive yo pwoteje kont:
    • Akizasyon sou konpòtman kriminèl oswa ilegal.
    • Videyo sou asèlman fizik kont minè, ki pataje nan nenpòt ki kontèks.
    • Tèm ki degradan ki gen rapò ak jouman ki fèt sou fanm.
Entimidasyon ak asèlman atravè paj, gwoup, evènman ak mesaj
  • Yo aplike tou, pwoteksyon Nivo 1 pou rive nan Nivo 4 yo pou paj, gwoup, evènman ak mesaj yo.
Pou Estanda Kominotè sa yo, nou bezwen enfòmasyon ak/oswa kontèks anplis pou aplike yo:
Pa:
  • Pibliye kontni ki sible patikilye atravè Paj, Gwoup oswa Evènman endezirab yo. Nou efase kontni sa a lè se moun ki sible a, oswa yon reprezantan otorize moun ki sible a ki siyale l.
  • Pibliye kontni nou dekri pi wo a ki pral mande nan yon lòt bò pou sib la siyale kontni an oswa kote kontni se yon endikatè ki montre moun ki pibliye a ap sible viktim lan yon fason dirèk (pa egzanp: yo idantifye viktim lan nan piblikasyon an oswa kòmantè a). Nou pral efase kontni sa a si nou gen konfimasyon viktim lan oswa yon reprezantan otorize viktim lan (ki vivan oswa mouri) ki di kontni an se yon kontni ki endezirab.
  • Pibliye kontni ki ap envite oswa fè deklarasyon entansyon pou angaje nan konpòtman nou ta kapab kalifye antanke entimidasyon ak asèlman, daprè politik nou yo. Nou pral efase kontni sa a lè nou gen konfimasyon viktim lan oswa yon reprezantan otorize viktim lan ki di kontni an se yon kontni ki endezirab.
  • Pibliye kontni ki seksyalize yon pèsonalite piblik. Nou pral efase kontni sa a lè nou gen konfimasyon viktim lan oswa yon reprezantan otorize viktim lan ki di kontni an se yon kontni ki endezirab.
  • Mete yon kontak k ap asele seksyèlman moun k ap resevwa mesaj la. N ap efase tout kontni ki pataje nan yon kontèks endezirab, lè nou gen konfimasyon moun ki viktim lan oswa yon reprezantan otorize viktim lan ki di kontak la endezirab.
  • Siprime ka asèlman kolektif yo, lè:
    • Yo ap sible, atravè nenpòt ki platfòm, 'moun ki gen gwo risk danje nan mond reyèl la' yo defini konsa:
      • Defansè dwa moun
      • Minè
      • Viktim evènman/trajedi ki vyolan
      • Pèsonalite opozisyon politik nan peyi ki a risk yo pandan peryòd eleksyon yo
      • Ajan elektoral yo
      • Patizan gouvènman y ap sible poutèt estati kamoken yo
      • Minorite etnik ak relijye yo nan zòn konfli yo
      • Manm nan yon gwoup a risk yo deziyen epi rekonèt
    • Sible nenpòt moun atravè platfòm pèsonèl, tankou bwat resepsyon oswa pwofil, avèk:
      • Kontni ki vyole politik sou entimidasyon ak tizonnay pou patikilye yo oswa,
      • Kontni ki pa akseptab ki baze sou yon karakteristik pwoteje
  • Dezaktive kont ki angaje nan tizonnay kolektif nan kad youn oswa lòt
    • Eta oswa rezo ki afilye ak eta ki sible nenpòt moun atravè nenpòt platfòm.
    • Rezo advèsè ki ap sible nenpòt moun atravè nenpòt platfòm avèk:
      • Kontni ki vyole politik sou entimidasyon ak tizonnay pou patikilye yo oswa,
      • Kontni ki sible yo poutèt yon karakteristik pwoteje, oswa,
      • Kontni oswa konpòtman yo ta konsidere ki pa akseptab nan yon kontèks lokal
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Done
Gade dènye Rapò sou Aplikasyon Estanda Kominotè yo
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn èd nan sa ki gen pou wè ak entimidasyon ak asèlman
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an