Jistifikasyon Politik la
Otantisite se baz kominote nou an. Nou kwè otantisite kapab ede kreye yon kominote kote moun kapab konte youn sou lòt, ak sou Meta, yon fason ki enpòtan. Nou vle otorize divès kalite modèl ekspresyon idantite nan mitan kominote mondyal nou an, pandan n ap anpeche vòl ak defòmasyon idantite. Pou nou kenbe yon anviwònman ki sekirize epi ki enklizif kote moun yo kapab fè youn lòt konfyans epi bati yon kominote, nou pa pèmèt moun kreye kont oswa pwofil ki fèt oswa itilize pou twonpe lòt moun.
Sou Facebook, nou egzije moun yo pou kreye yon kont kote y ap itilize non lavi chak jou yo ki reprezante idantite otantik yo a. Nou kreye Lòt Pwofil pou ede moun eksprime diferan pati nan idantite yo, tankou sa ki enterese yo oswa biznis yo. Nou p ap otorize itilizasyon sèvis nou yo epi n ap limite oswa dezaktive kont Facebook, Instagram ak Threads yo oswa lòt antite Facebook yo (tankou paj, gwoup, ak evènman) ki:
Pou timoun ki minè
Pran idantite yon lòt moun oswa antite lè:
Itilize imaj yo, non oswa resanblans nan lide pou twonpe lòt moun
Pale nan vwa yon lòt moun oswa antite kote itilizatè a pa gen otorizasyon pou fè sa a (pa egzanp, lè w kreye yon Paj oswa Pwofil)
Patisipe nan fo deklarasyon idantite pou twonpe lòt moun, soti nan kad aplikasyon lalwa oswa vyole Estanda Kominotè nou yo. Nou pran plizyè faktè an konsiderasyon lè n ap evalye yon deklarasyon sou fo idantite, tankou:
Chanjman k ap pede fèt oswa chanjman enpòtan k ap fèt nan detay ki sou idantite w yo, tankou nan non oswa laj
Enfòmasyon ki pou twonpe moun ki sou pwofil la, tankou detay nan byografi ak nan adrès pwofil la
Itilize imaj nan achiv yo
Sèvi ak yon non ki gen vyolasyon Estanda Kominotè nou yo ladan.
Sou Facebook, n ap mande enfòmasyon anplis anvan nou pran desizyon ki sòti nan restriksyon an pou yon ti tan pou rive nan dezaktive pwofil oswa kont yo nèt.
Bay yon fo dat nesans
Sèvi ak yon non ki pa non otantik w ap itilize chak jou nan lavi w
Kreye yon sèl kont ki reprezante oswa ki gen plis pase yon moun ki ap itilize l.
Kreye oswa jere plizyè kont Facebook
Kreye yon kont ki reprezante yon antite ki pa imen, tankou yon antrepriz, yon bèt domestik oswa yon karaktè fiktif
Kenbe yon pwofil ki vid avèk yon moman san aktivite ki pwolonje
Kont fanatik, satirik ak pwodi
Nou otorize kont ki dedye ak santiman fanatik yo, imou, pawodi, sati, kritik, kòmantè ak opinyon. Kont lan dwe fè estati enfòmèl li a parèt aklè anpil omwen nan non kont lan epi li t ap pi bon si li nan yon lòt kote sou pwofil la, tankou nan foto pwofil oswa biyografi a (egzanp, lè w mete "paj fanatik" nan non itilizatè/non an). Kont ki pa divilge yon fason ki klè enfòmasyon ki pa ofisyèl yo kapab sibi restriksyon oswa yo kapab siprime yo.