Entegrite Kont

Detay sou politik la

JOUNAL MODIFIKASYON
Jistifikasyon Politik la
Nan lide pou kenbe yon aviwònman sekirize epi ankouraje moun di sa yo panse, nou mete restriksyon oswa retire kont k ap bay kominote a pwoblèm. Nou mete yon konbinezon ki gen yon sistèm deteksyon otomatik ak manyèl sou pye pou bloke epi retire kont yo itilize pou abize yon fason ki repete oswa ki vyole politik nou yo atravè nenpòt nan pwodui nou yo.
Paske lè nou siprime yon kont se yon aksyon ki sevè, lè sa posib, objektif nou se bay kominote nou an opòtinite pou yo aprann règleman yo ak suiv Estanda Kominotè nou yo. Pa egzanp, yo voye yon notifikasyon chak fwa nou retire kontni, epi nan pifò ka, nou bay moun enfòmasyon tou sou nati vyolasyon an ak nenpòt restriksyon ki aplike. Mezi egzekisyon aplikasyon prensip nou yo fèt pou yo pwopòsyonèl ak gravite vyolasyon an, istorik vyolasyon sou kont lan, ak risk oswa domaj li ka koze kominote a. Vyolasyon k ap kontinye fèt, malgre avètisman ak restriksyon nou voye plizyè fwa yo, oswa vyolasyon ki lakoz gwo risk pou sekirite ap lakoz nou dezaktive kont lan.
Aprann plis sou fason Meta aplike règleman li yo epi mete restriksyon sou kont yo nan Sant Transparans lan.
Nou kabap mete restriksyon oswa dezaktive kont yo, lòt antite yo (Paj, gwoup, aktivite) oswa aktif komèsyal (Jesyonè Antrepriz, kont piblisite) ki:
  • Vyole Estanda Kominotè nou yo enplike domaj ki grav tankou sa nou refere ak fòslòd yo akoz risk domaj ki kapab genyen pou sekirite moun oswa piblik la
  • Vyole Estanda Kominotè nou yo enplike nenpòt domaj ki tankou sa nou refere ak fòslòd yo akoz risk domaj ki kapab genyen pou sekirite moun oswa piblik la
  • Vyole Estanda Piblisite nou yo enplike domaj antrepriz ki danjere ki twonpe moun
  • Plede vyole Estanda Kominotè nou yo pandan w ap pibliye kontni ki vyole règ ak/oswa pandan w ap jere antite oswa aktif komèsyal ki vyole règ yo
  • Plede vyole Estanda Piblisite nou yo
  • Demontre aktivite oswa konpòtman ki endike klèman yon objektif vyolasyon
Nou kabap mete restriksyon oswa dezaktive kont yo, lòt antite yo (Paj, gwoup, aktivite) oswa aktif komèsyal (Jesyonè Antrepriz, kont piblisite) ki:
  • Se pou menm moun oswa antite a antanke yon kont ki te dezaktive
  • Kreye oswa rekonekte pou echape anba yon sipresyon kont oswa antite ou te genyen deja, tankou sa ki genyen pwopriyete yo oswa kontni yo ki sanble avèk kont oswa antite ki te deja efase.
  • Kreye pou kontakte yon itilizatè ki bloke yon kont
  • Oswa ki itilize pou chape anba mezi aplikasyon nou yo oswa pwosesis revizyon nou an
Nou kabap mete restriksyon oswa dezaktive kont yo, lòt antite yo (Paj, gwoup, aktivite) oswa aktif komèsyal (Jesyonè Antrepriz, kont piblisite) ki montre:
  • Vrèman asosye avèk yon rezo ki chaje ak kont oswa lòt antite ki vyole oswa chape anba politik nou yo
  • Antann avèk yon rezo ki chaje ak kont oswa lòt antite ki plede vyole oswa chape anba politik nou yo
  • Aktivite oswa konpòtman ki monte aklè objektif la se pou vyole atravè yon rezo ki chaje ak kont
Nou pral travay pou mete restriksyon oswa dezaktive kont yo, lòt antite yo (Paj, gwoup, aktivite) oswa aktif komèsyal (Jesyonè Antrepriz, kont piblisite) ki angaje nan aktivite andeyò platfòm nan ki kapab lakoz domaj sou platfòm nou an, tankou sa yo:
  • Ki se pou yon kondane pou delenkan seksyèl, kondane pou krim ki gen rapò ak abi seksyèl sou timoun oswa granmoun
  • Se pou yon Antite Deziyen an oswa sa l ap jere nan non li an
  • Ki gen entèdiksyon pou resevwa pwodui, sèvis oswa lojisyèl nou yo selon lwa ki aplikab yo
Nan sitiyasyon sa yo, nou kapab mande plis enfòmasyon sou yon kont pou nou verifye pou kiyès li ye ak/oswa aktivite ki otorize sou li:
  • Kont ki konpwomèt
  • Kreye oswa itilize yon kont oswa lòt antite atravè mwayen ki otomatik tankou ekriti (sof si aktivite ekriti a fèt atravè mwayen ki otorize epi ki pa vyole politik nou yo nan nenpòt fason an)
  • Kont ki vid epi ki pa aktif pandan yon peryòd pwolonje
Eksperyans itilizatè yo
Gade kèk egzanp ki montre ak ki sa aplikasyon prensip yo sanble pou moun ki sou Facebook yo, tankou: ak ki sa sa sanble lè pou w pote yon plent pou yon bagay ou panse ki pa ta dwe sou Facebook, lè pou yo di w ou vyole Estanda Kominotè nou yo epi pou w wè yon ekran avètisman pandan yon kantite tan.
Note: Nou toujou ap amelyore, kidonk sa ou wè la a kapab yon vèsyon ki yon ti kras pa resan parapò ak sa n ap itilize kounye a.
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Siyale
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Kominikasyon aprè plent
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Eksperyans kontni ki siprime
EKSPERYANS ITILIZATÈ
Ekran Avètisman
Done
Gade dènye Rapò sou Aplikasyon Estanda Kominotè yo
Aplikasyon prensip yo
Nou genyen menm politik yo toupatou nan mond lan, pou tout moun sou Facebook.
Ekip verifikasyon yo
Ekip global nou an ki genyen ladan li plis pase 15,000 verifikatè ki travay chak jou pou kenbe moun ki sou Facebook yo an sekirite.
Angajman pati konsène yo
Ekspè ekstèn yo, inivèsitè yo, Òganizasyon Ki pa Gen Rapò ak Gouvènman yo ak responsab politik yo ede nan etablisman Estanda Kominotè Facebook yo.
Jwenn sipò ak entegrite kont la
Dekouvri ki sa ou kapab fè si ou wè yon bagay sou Facebook ki pa respekte Estanda Kominotè nou yo.
Ale nan Sant Èd nou an