Estanda Kominotè
Entwodiksyon
Politik nou yo baze sou kòmantè moun nan kominote nou yo epi nan konsèy ekspè nan domèn tankou teknoloji, sekirite piblik ak dwa moun. Pou asire sa tout moun ap di gen yon valè, nou fè bon jan atansyon nan fason n ap kreye politik ki reyini san paspouki diferan opinyon ak kwayans, an patikilye pa moun ak kominote ki ta kapab pase pa anba pou moun neglije oswa imilye.
Chak jou moun ap itilize Facebook, Instagram, Messenger ak Threads pou pataje eksperyans yo, konekte avèk zanmi ak fanmi yo, epi konstui kominote. Sèvis nou yo pèmèt plizyè milyon moun kapab eksprime yo lib e libè atravè tout peyi ak kilti nan plizyè douzèn lang.
Meta rekonèt jan sa enpòtan pou Facebook, Instagram, Messenger ak Threads pou li se yon espas kote moun yo santi yo gen libète pou yo kominike, epi nou pran wòl nou jwe a oserye lè nou siprime tout tras abi nan sèvis lan. Se pou sa nou devlope estanda pou sa moun kapab fè ak sa yo pa kapab fè sou sèvis sa yo.
Tanpri sonje vèsyon Anglè Ameriken Estanda Kominotè yo genyen ladan li seri politik ki plis ajou yo epi nou ta dwe itilize l antanke dokiman prensipal.
Angajman nou pou lapawòl
Objektif Estanda Kominotè nou yo se kreye yon espas pou moun kapab eksprime epi di sa ki nan tèt yo. Meta vle moun yo kapab pale yon fason ki ouvè konsènan pwoblèm ki gen plis enpak sou yo, kit se atravè kòmantè ekri, foto, mizik, oswa lòt mwayen atistik, menm si gen kèk moun ki kapab pa dakò oswa ki kapab pa aksepte sa yo. Nan kèk ka, nou aksepte kontni—ki ta kapab nan yon lòt sans pa respekte Estanda Kominotè nou yo—si se yon bagay ki kapab pase nan nouvèl epi li nan enterè piblik la. Nou fè sa sèlman apre nou fin evalye valè enterè piblik la pa rapò ak risk mechanste a, epi nou konte sou nòm entènasyonal dwa moun yo pou fè jijman sa yo. Nan lòt ka, nou ka retire kontni ki itilize langaj andaki oswa endirèk lè yon kontèks siplemantè pèmèt nou konprann yon fason rezonab kontni an pa respekte estanda nou yo.
Angajman nou pran an favè ekspresyon se yon priyorite, men nou rekonèt entènèt la kreye nouvo opòtinite abi ki ap ogmante chak jou ki jou. Pou rezon sa yo, lè nou mete limit nan fason moun eksprime yo, nou fè sa nan objektif pou respekte youn oswa plizyè nan valè ki pi ba yo:
OTANTISITE
Nou vle asire nou kontni moun wè yo otantik. Nou kwè otantisite kreye yon pi bon anviwònman pou pataje, epi se pou sa a nou pa vle moun itilize sèvis nou yo pou mal reprezante moun yo ye oswa sa y ap fè.
SEKIRITE
Nou pran angajman pou fè Facebook, Instagram ak Threads yon espas ki pwoteje. Nou efase kontni ki kapab kontribiye nan yon risk zak mechanste kont sekirite fizik moun. Kontni ki menase moun gen potansyèl pou yo entimide, ekate oswa fèmen bouch lòt moun epi nou entèdi sa sou sèvis nou yo.
KONFIDANSYALITE
Nou angaje nou pou pwoteje vi prive ak enfòmasyon pèsonèl moun. Konfidansyalite (vi prive) bay moun libète pou yo kapab yo menm, chwazi fason ak lè pou yo pataje sou sèvis nou yo epi pou konekte pi fasil.
DIYITE
Nou kwè tout moun egal ego nan sa ki gen pou wè ak diyite epi dwa yo. Nou espere moun pral respekte diyite lòt moun epi yo p ap tizonnen ni degrade lòt moun.
Estanda Kominotè
Estanda Kominotè nou yo aplike pou tout moun, toupatou nan mond lan, epi pou tout kalite kontni, tankou kontni ki fèt gras ak Entèlijans Atifisyèl.
Chak seksyon nan Estanda Kominotè nou yo kòmanse ak yon "Jistifikasyon Politik" ki tabli objektif politik yo ansanm ak kèk liy politik espesifik ki defini:
Kontni nou pa aksepte yo; ak
Kontni ki egzije enfòmasyon oswa kontèks siplemantè pou aplikasyon politik yo fèt, kontni ki kapab pibliye epi ki gen yon ekran avètisman oswa kontni ki kapab pibliye, men se granmoun ki gen 18 lane oswa plis ki kapab wè yo sèlman.