Ede Adolesan Yo Wè Kontni ki Apwopriye pou Laj yo

AJOU 4 ME 2026
Nou vle adolesan yo fè eksperyans san danje ak pozitif sou Facebook ak Instagram, tankou ede yo eksplore enterè yo pandan n ap asire nou montre yo kontni ki apwopriye pou laj yo. Nou travay pou anpeche adolesan yo wè kontni ki pa apwopriye nan twa fason prensipal: retire kontni yo nèt lè yo pa respekte règ nou yo, maske kèk kalite kontni ki rezève pou adilt oswa ki sansib pou adolesan, epi nan aplike kritè ki pi estrik pou sa nou rekòmande yo.
N ap kontinye evolye apwòch nou an pou ede asire n ap bay adolesan opsyon pou yo gen yon eksperyans san danje, ki apwopriye pou laj yo, epi pou entegre pi bon rechèch posib ak konsèy ekspè pou paran yo kapab gen lapè. Epitou, nou vle pi byen aliyen ak yon estanda endepandan kote fanmi yo deja abitye ak li, kidonk nou revize direktiv nou yo ki apwopriye pou laj yo - direktiv ki detèmine ki kontni nou kache pou adolesan epi evite rekòmande yo ak adolesan - nan konpare yo ak fim ki pou moun ki gen plis pase 13 lane. Sa vle di objektif nou se pou adolesan yo wè kontni sou Instagram ak Facebook ki sanble ak sa yo ta ka wè nan yon fim ki apwopriye pou laj yo, pa defo.
Menm jan ou ta ka wè kèk kontni ki pa apwopriye oswa tande kèk langaj vyolan nan yon fim ki rekòmande pou moun ki gen plis pase 13 lane, adolesan ka wè bagay tankou sa detanzantan sou Instagram oswa/ak Facebook - men nou pral kontinye fè tout sa nou kapab pou rann ka sa yo pi ra pase posib. Nou rekonèt pa gen okenn sistèm ki pafè, epi nou pran angajman pou nou amelyore avèk tan.
Gen yon pakèt diferans ant rezo sosyal ak fim. Nou pa t travay ansanm ak MPA yo lè nou t ap mete paramèt kontni nou yo ajou, epi yo pa evalye okenn kontni sou Instagram oswa/ak Facebook, epi yo pa apwouve oswa apwouve paramèt kontni nou yo nan okenn fason. Olye sa, nou te kopye sou rekòmandasyon piblik MPA a, ki se yon bagay paran yo abitye avèk li deja, ansanm ak kòmantè paran yo. Sistèm moderasyon kontni nou an pa menm ak sa ki nan fim yo, kidonk eksperyans lan ka pa menm jan.
Plizyè Kouch Pwoteksyon
Pou tout moun: Nou retire kontni ki vyole Estanda Kominote nou yo. Nou genyen tou kritè ki pi estrik nan sa ki gen rapò ak kalite kontni nou rekòmande yo.
❌ Kontni Nou Retire
Estanda Kominotè nou yo pale sou diferan kalite kontni nou pa aksepte sou Facebook ak Instagram. Nou retire kontni sa a nèt pou tout moun - san wete adolesan - chak fwa nou vin okouran de egzistans li. Lè nou retire kontni ki pa respekte prensip sa yo, nou kapab sanksyone kont ki pataje l la, epi nou ap dezaktive kont ki toujou ap vyole politik nou yo. Politik sa yo kreye nan lide pou pwoteje tout moun nan kominote nou an, san wete adolesan yo.
Kalite kontni nou retire totalman yo se, men yo pa limite ak:
Nou pa otorize kontni ki kapab abize oswa eksplwate moun, tankou piblikasyon ki ankouraje aktivite seksyèl san konsantman, oswa pataje oubyen mande materyèl pou abi sou timoun. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ Yon piblikasyon ki ap fè òf sèvis pwostitisyon oswa k ap mande yon moun voye materyèl pònografik.
❌ Yon foto yon moun ki nan yon zak entim oswa seksyèl, ki pataje san konsantman li.
❌ Yon piblikasyon ki ofri oswa k ap mande materyèl abi seksyèl; sou timoun oswa imaj timoun ki toutouni.
Nou pa aksepte kontni ki ankouraje, fè lwanj, oswa fè pwomosyon suisid, oto-agresyon oswa twoub alimantasyon, pandan li toujou ap bay moun espas pou yo pale sou eksperyans pa yo epi chèche sipò. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ Yon piblikasyon ki pale yon fason pozitif sou suisid, oto-agresyon oswa twoub alimantasyon.
❌ Yon estòri ki mountre moun k ap blese tèt yo yon fason ki vyolan.
❌ Yon kòmantè ki ap pase moun ki gen twoub alimantasyon nan rizib.
Nou pa aksepte kontni ki ta kapab kreye yon anviwònman entimidasyon oswa eksklizyon, tankou entimidasyon ak asèlman. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ Yon piblikasyon ki itilize yon diskou k ap demounize moun selon ras, relijyon, gwoup etnik, idantite seksyèl, oswa oryantasyon seskyèl yo.
❌ Yon kòmantè k ap pase viktim agresyon seksyèl nan rizib.
❌ Yon piblikayson k ap menase pou pibliye enfòmasyon ki ka idantifye yon moun (tankou nimewo paspò yon moun) oswa ki ap ankouraje asèlman sou yon moun.
Nou pa aksepte lavant, acha, oswa echanj sèten machandiz ak sèvis ki gen restriksyon sou platfòm nou yo. Epi tou, nou pa aksepte moun fè pwomosyon kèk kalite sibstans oswa bay enstriksyon sou kijan pou itilize yo. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ Yon estòri k ap ofri pou achte, vann oswa fè echanj divès kalite dwòg.
❌ Yon piblikasyon k ap chèche achte, vann, oswa fè echanj tabak, nikotin, oswa alkòl
❌ Yon kòmantè ki ap ofri pyès enprime an 3 pou zamafe.
Nou ap fè kèk eksepsyon pou biznis ki lejitim ki legalman ap ofri sèten kalite machandiz ki gen restriksyon.
Nou pa aksepte kontni ki vyolan ak chokan, oswa kontni ki kapab reprezante yon menas pou sekirite pèsonèl, tankou menas vyolans sou moun. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ Yon piblikasyon k ap menase touye oswa kidnape yon lòt moun, oswa youn k ap ankouraje lòt fè vyolans.
❌ Yon videyo ki chokan k ap montre yon moun y ap demanbre oswa y ap boule grav.
Nou fè sèten eksepsyon pou kontyni chokan nan kontèks medikal oswa lè se pou sansibilizasyon. Kote nou pèmèt kontni grafik, anjeneral nou kouvri li ak yon ekran avètisman pou fè moun konnen kontni an kapab sansib anvan yo klike sou li.
Nou mete restriksyon sou ekspozisyon niditite oswa aktivite seksyèl ansanm ak langaj ki sansib nan yon kad seksyèl. Pa egzanp, nou kapab retire:
❌ yon imaj ak videyo ki gen nidite oswa aktivite seksyèl eksplisit, san wete sa Entèlijans Atifisyèl jenere yo.
❌ Yon estòri ki gen yon deskripsypn klè oswa grafik relasyon seksyèl (sof si li amizan oswa satirik).
Nou konprann moun kapab pataje kò ki toutouni pou divès rezon, tankou yon fòm pwotestasyon, pou sansibilize pou yon kòz, oswa pou rezon edikatif oswa medikal. Lè entansyon an klè epi apwopriye, nou bay otorizasyon pou kontni sa a.
Pou jwenn plis detay sou kontni n ap retire yo, ale gade nan Estanda Kominotè nou yo.
🛡️ Kontni Nou Evite Rekòmande
Nou ap fè rekòmandasyon nan kote tankou Instagram Reels oswa Explore oswa Facebook Feed pou ede moun dekouvri nouvo kontni ki kapab entèrese yo. Nou gen direktiv sou ki kalite kontni nou kapab rekòmande, epi nou evite fè Rekòmandasyon ki kapab pa gen gwo kalite, ki kapab konteste, oswa ki patikilyèman sansib - menm lè kontni an pa twò grav pase sa pou n retire l. Se paske nou panse ta dwe gen estanda ki pi wo lè n ap montre moun kontni nan kont yo pa t chwazi suiv.
⚠️ Lòt Kontni Nou Kache pou Adolesan
Adolesan: Nou ofri plis pwoteksyon pou adolesan ki poko gen 18 lane. Nou kache plis kontni, pi plis pase sa nou retire pou tout moun, epi tou nou evite rekòmande adolesan kontni ki rekòmande pou granmoun. Objektif nou se pou adolesan yo wè kontni sou Instagram ak Facebook ki sanble ak sa yo ta ka wè nan yon fim ki apwopriye pou laj yo a, pa defo. Adolesan yo sèlman kapab aksede a yon twazyèm paramèt ki bay plis pèmisyon - ki rele Plis Kontni - atravè pèmisyon yon paran. Sou Instagram, adolesan oswa paran yo ka chwazi tou yon paramèt ki rele kontni limite, epi adolesan yo ka sèlman jwenn aksè nan yon twazyèm paramèt ki pi otorize ki rele Plis kontni - avèk pèmisyon yon paran.
13+ (pa defo): Paramèt kontni 13+ la baze sou klasifikasyon fim pou moun ki gen plis pase 13 lane, epi li aktive pa defo pou adolesan. Nou te travay ak ekspè nan kad jèn ki egziste atravè mond lan pou pi byen konprann ki kalite kontni ki kapab apwopriye pou adilt, men ki kapab twòp pou laj adolesan ki poko gen 18 lane yo - epi nou revize direktiv sa yo ki apwopriye pou laj yo avèk klasifikasyon fim pou moun ki gen plis pase 13 lane. Nan kad sa a, nou pral kache plis kontni pou adolesan yo ajoute sou sa nou deja retire pou tout moun. Sa vle di, pandan granmoun yo toujou gen aksè a kontni sa a, adolesan ki poko gen 18 lane yo p ap kapab wè oswa entèraji avèk li, menm si se yon kont y ap suiv ki pataje yo nan Aktyalite oswa Estòri yo. Nou pral anpeche adolesan yo dekouvri, suiv ak kominike avèk kont ki prensipalman pataje kontni ki pa apwopriye pou laj yo.
Klike la pou w wè kèk kalite kontni nou pral kache pou adolesan yo nan paramèt defo sa a
Nou kache sèten kontni ki gen rapò ak suisid ak oto-agresyon pou pwoteje adolesan yo kont materyèl ki kapab reprezante etrès oswa ki kapab sansib pou yo. Pa egzanp, nou konn met restriksyon laj:
⚠️ Yon piblikasyon kote yon moun ap ekri eksperyans pèsonèl pa l ak suisid, oto-agresyon oswa twoub alimantasyon, eksepte nan kontèks gerizon.
⚠️ Yon foto oswa yon videyo ki montre yon moun nan yon lopital k ap angaje l nan etanazi oswa suisid asiste.
⚠️Yon estòri kote yon moun ap pale sou konpòtman ekstrèm li te genyen pou l pèdi pwa.
Nou kache kontni pou adolesan poutèt kontni sa yo ta kapab enfliyanse yo pou y al angaje nan aktivite ki vreman kapab danjere. Pa egzanp, nou konn met restriksyon laj:
⚠️ Yon piblikasyon ki ofri pou vann tabak, pwodui nikotin, alkòl, oswa zamafe lè se yon biznis fizik lejitim ki pataje li.
⚠️ Yon estòri ki ankouraje moun pran dwòg sikedelik (yo rele tou entewojèn) oswa pwodui kanabis.
⚠️ Imaj ak resèt pou bwason ki gen alkòl.
⚠️Yon pòs pou vann pwodui oswa sèvis pou pèdi pwa.
Nou kache majorite imaj ki chokan yo pou adolesan yo pa wè yo, menm si nou ta kapab aksepte li parèt dèyè yon ekran avètisman pou adilt. Pa egzanp, nou konn met restriksyon laj:
⚠️ Yon foto yon moun ki boule grav, n ap kouvri l ak yon ekran avètisman pou granmoun yo.
⚠️ Yon foto oswa videyo moun k ap tire, britalite, oswa aksidan machin kote moun mouri.
Nou kache lòt kontni pou adolesan ki pa gen nidite klè oswa aktivite seksyèl, men ki ta ka konsidere kòm sijesyon seksyèl. Pa egzanp, nou konn met restriksyon laj:
⚠️Yon pòs ki prèske menm jan ak nidite ki kouvri ak yon filtè nimerik.
⚠️ Yon foto ki zoume dèyè yon moun.
⚠️Yon estòri ki gen langaj seksyèl ki dekri relasyon seksyèl, ki gen ladan itilizasyon referans seksyèl yo.
Pou jwenn plis detay sou kontni n ap retire yo, ale gade nan Estanda Kominotè nou yo.
Nou pral evite rekòmande plis kalite kontni tou, menm si li konfòm ak klasifikasyon fim pou moun ki gen plis pase 13 lane ak kòmantè paran yo. Anpil nan kontni nou evite rekòmande pou adilt yo se kontni nou deja kache konplètman pou adolesan, men nou ale pi lwen pou adolesan yo epi nou evite rekòmande lòt kalite kontni - tankou foto oswa videyo ki kapab parèt klèman seksyèl, gwo jouman, oswa demonstrasyon ki riske tankou sote soti nan yon kote ki wo.
Kontni Limite: Sou Instagram, pou paran ki prefere gen kontwòl anplis, nou prezante yon nouvo paramèt ki gen plis restriksyon ki rele Kontni Limite. Lè yo aktive paramèt Kontni Limite a, n ap aplike filtè kontni nou yo nan yon fason ki pi estrik pou nou ka kache plis kontni toujou nan eksperyans kont Adolesan an. Nou pral limite tou rezilta rechèch yo, epi dezaktive posibilite pou adolesan wè, kite oswa resevwa kòmantè anba pòs yo.
Plis kontni: Adolesan yo ka sèlman chanje pou yo ale nan paramèt 'Plis Kontni' avèk pèmisyon yon paran, kote yo bay li sèlman atravè sipèvizyon paran yo. Nan kad sa a, adolesan yo ap toujou benefisye pwoteksyon otomatik ki kache plis kontni pou adolesan pase sa nou kache pou granmoun, epi n ap toujou retire nèt si li vyole Estanda Kominotè nou yo. Sepandan, yo ka rekòmande adolesan yo sèten kontni ki pa rekòmande nan paramèt 13+ ak Kontni Limite, epi nou p ap kache tout kont ki pataje kontni ki pa apwopriye pou laj yo. Paramèt Plis Kontni an pa aplike restriksyon kontni ki pi estrik sou Live, Kòmantè, ak rechèch ki fè pati paramèt 13+ ak Kontni Limite.
Deklarasyon non responsabilite: Gen yon pakèt diferans ant rezo sosyal ak fim. Nou pa t travay ansanm ak MPA yo lè nou t ap mete paramèt kontni nou yo ajou, epi yo pa evalye okenn kontni sou Instagram ak Facebook, epi yo pa apwouve oswa apwouve paramèt kontni nou yo nan okenn fason. Olye sa, nou te kopye sou rekòmandasyon piblik MPA a, ki se yon bagay paran yo abitye avèk li deja, ansanm ak kòmantè paran yo. Sistèm moderasyon kontni nou an pa menm ak sa ki nan fim yo, kidonk eksperyans lan ka pa menm jan.
Kijan pou Siyale Kontni ki Vyole Prensip yo
Nou travay anpil pou nou idantifye kontni k ap vyole règ nou yo, epi nou remake majorite kontni nou retire alavans yo gras ak teknoloji anvan yo menm siyale yo ba nou. Si w remake yon bagay nou rate, tanpri ede nou rann platfòm sa vin yon kote ki pi an sekirite pandan w ap siyale l sou swa Facebook oswa Instagram. Tout plent yo anonim.
Lòt Resous
Estanda Kominotè nou yo genyen detay sou kalite kontni nou retire ak restriksyon laj nou mete pou chak domèn règleman yo. Pou li yo, klike la a.
Nou te devlope teknoloji ki idantifye alavans adilt yo panse ki vyole sispèk, tankou yon adilt yon adolesan te bloke oswa siyale plizyè fwa, oswa si yon adilt plede ap chèche vyole yon kontni. Nou p ap rekòmande adilt nou sispèk ki nan vye zak bay adolesan yo epi nou p ap rekòmande adolesan bay adilt nou sipèk ki nan vye zak. Ou kapab li plis sou sa la a.
Ou kapab li plis sou fason nou ede kenbe kominote nou an an sekirite nan Sant Sekirite nou an, epi fason nou sipòte adolesan ak fanmi yo sou Sant Fanmi nou an.